Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 14:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Li te touye di-mil moun Édom nan Vale Sèl la, epi te pran Séla nan lagè. Li te rele li Yoqthéel, e se sa li ye jis rive jodi a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Amasya te touye dimil (10.000) sòlda peyi Edon nan fon Sale a. Li goumen jouk li pran lavil Sela. Li rele l Jokteyèl, non ki rete pou li jouk jounen jòdi a.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 14:7
11 Referans Kwoze  

Konsa, David te vin fè yon non byen koni pou kont li, lè li te retounen soti nan touye dizui-mil Siryen nan Vale Sèl la.


Li te etabli anplasman militè yo nan Édom. Nan tout Édom, li te fè anplasman militè e tout Edomit yo te devni sèvitè a David. Konsa, SENYÈ a te ede David tout kote li te ale.


Anverite, ou te bat Édom e kè ou vin plen ògèy. Rete lakay ou pou fè kè kontan. Pou ki rezon ou ta pwovoke twoub la jiskaske ou menm, ou ta tonbe, e Juda ansanm avèk ou?”


Anplis, Abischaï, fis a Tseruja a, te bat diz-ui-mil Edomit nan Vale Sèl la.


O Bondye, Ou te rejte nou. Ou te kraze nou. Ou te fache. O restore nou ankò.


Voye mouton tribi a bay gouvènè peyi a, soti nan Sela pa wout dezè a, jis rive nan mòn a fi Sion an.


Men pou laperèz a ou menm, awogans a kè ou te twonpe ou; ou menm ki rete nan twou wòch yo, ki okipe wotè a kolin nan. Malgre ou fè nich ou wo tankou èg, M ap rale ou desann soti la,” deklare SENYÈ a.


Awogans a kè nou te twonpe nou, nou menm ki rete nan falèz wòch yo, nan wotè a abitasyon nou, ki di nan kè nou: “Se kilès ki ka rale m rive atè?”


Dilèan, Mitspé, Joktheel,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite