Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 14:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Men fis a sila ki te mouri yo, li pa t mete yo a lanmò, an akò avèk sa ki ekri nan liv Lalwa Moïse la, jan SENYÈ a te kòmande a lè l te di: “Papa yo p ap mete a lanmò pou fis yo, ni fis yo p ap mete a lanmò pou papa yo, men chak moun va mete a lanmò pou pwòp peche pa l.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Men, li pat manyen pitit ansasen sa yo, paske, dapre sa ki ekri nan liv lalwa Moyiz la, Senyè a te di: Papa pa gendwa peye pou sa pitit li yo fè, ni pitit pa gendwa peye pou sa papa yo fè. Chak moun va peye pou sa yo fè.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 14:6
5 Referans Kwoze  

Men chak moun va mouri akoz pwòp inikite pa li. Chak moun ki manje rezen si yo, se pwòp dan pa l k ap vin kanpe apik.


Moun ki fè peche a va mouri. Fis la p ap pote pinisyon pou linikite a papa li, ni papa a p ap chaje ak pinisyon pou peche a fis la. Ladwati a moun ki dwat va sou pwòp tèt pa li e mechanste a mechan an va sou pwòp tèt li.


Gade byen, tout nanm yo se pa M yo ye. Nanm a papa a ansanm ak nanm a fis la se pa M. Nanm ki peche a, se li k ap mouri.


Konsa, wa a te pase lòd pou yo te mennen mesye sila ki te aji ak movèz fwa, pou akize Daniel yo, e yo te jete yo menm, pitit yo ak madanm yo nan fòs lyon an. Konsa, yo pa t menm rive nan baz fòs la avan lyon yo te sezi yo e te kraze tout zo yo.


“Papa yo p ap mete a lanmò pou zak kriminèl fis yo, ni fis a lanmò yo pou zak kriminèl papa yo. Tout moun ap vin mete a lanmò sèlman pou pwòp peche pa yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite