Lè li te leve zye li pou te gade, men twa mesye ki te kanpe anfas li. Lè li te wè yo li te kouri sòti nan pòt tant lan pou rankontre yo, e li te bese tèt li atè.
2 Samyèl 9:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül, te vini a David. Li te tonbe sou figi li bese atè nèt. Epi David te di: “Méphiboscheth?” Epi li te di: “Men mwen, sèvitè ou!” 1998 Haïtienne Lè Mefibochèt, pitit Jonatan, pitit pitit Sayil la, rive, li mete ajenou, li bese tèt li rive atè devan David. David di l konsa: — Mefibochèt? Li reponn: — Se mwen menm, monwa. M la pou m sèvi ou. |
Lè li te leve zye li pou te gade, men twa mesye ki te kanpe anfas li. Lè li te wè yo li te kouri sòti nan pòt tant lan pou rankontre yo, e li te bese tèt li atè.
Men li menm te pran devan yo. Li te bese jis atè sèt fwa, jiskaske li te rive toupre frè li a.
Konsa, wa a te di a Tsiba: “Men vwala, tout sa ki apatyen a Méphiboscheth se pou ou.” Epi Tsiba te di: “Mwen vin bese devan ou nèt; kite mwen twouve gras nan zye ou, O mèt mwen, wa a!”
Men wa a te bay pwotèj a Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül la, akoz sèman a SENYÈ a ki te fèt antre yo, antre David ak fis a Saül la, Jonathan.
Alò, Jonathan, fis a Saül la, te gen yon fis ki te kokobe nan pye li. Li te konsa akoz lè li te gen laj a senk ane lè rapò a Saül avèk Jonathan te rive soti Jizréel, fanm nouris li an te pran fis la pou te sove ale. Epi nan kouri sòti, li te tonbe e te vin kokobe. Non li se te Méphiboscheth.
Lè jennonm nan te fin ale, David te leve soti nan fas sid la. Li te tonbe sou figi li atè e li te bese ba twa fwa. Epi yo te bo youn lòt e te kriye ansanm, men David te kriye plis.
Lè Abigaïl te wè David, li te kouri desann bourik li, li te tonbe atè devan David e te koube li menm jis atè.