Epi Jacob te rele fis li yo e te di: “Rasanble nou menm pou m kapab di nou sa k ap rive nou nan jou k ap vini yo.
2 Samyèl 23:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, sila yo se dènye pawòl a David yo. David, fis a Jesse a deklare, Mesye ki te leve anwo a deklare, Sila ki onksyone pa Bondye a Jacob la, Chantè dous Israël la, 1998 Haïtienne Koute pawòl David bay, Pawòl David, pitit Izayi, Nonm Bondye leve byen wo a, David, Bondye Jakòb la chwazi pou wa a, Nonm pèp Izrayèl renmen lwanje a, Men sa David di: |
Epi Jacob te rele fis li yo e te di: “Rasanble nou menm pou m kapab di nou sa k ap rive nou nan jou k ap vini yo.
Li se yon gran sitadèl delivrans pou wa Li a, ki montre lanmou dous a onksyone pa Li a, Menm a David avèk desandan pa li yo, jis pou tout tan.”
Alò, se te nan jou sa a, David te chwazi pou premye fwa a, Asaph avèk fanmi li pou bay remèsiman a SENYÈ a.
Paske David, li menm di nan liv Sòm Yo: ‘Senyè a te di a Senyè mwen an, chita bò dwat Mwen,
Alò, Li te di yo: “Sa se pawòl Mwen yo ke Mwen te pale avèk nou pandan Mwen te toujou avèk nou an. Ke tout bagay ki ekri sou Mwen menm nan Lalwa Moïse avèk Pwofèt yo avèk Sòm yo ta oblije akonpli.”
Alò, sa se benediksyon yo avèk sila Moïse, nonm a Bondye a, li te beni fis Israël yo avan lanmò li.
Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.
Èske gen moun pami nou k ap soufri? Fòk li priye. Èske gen moun ak kè kontan? Fòk li chante louwanj.
Alò, David te fis a Efratit a Bethléhem nan Juda ki te rele Jesse, ki te genyen uit fis. Epi Jesse te vin granmoun, nan jou Saül yo, byen avanse nan laj pami lèzòm.
Fanm yo te chante pandan yo t ap jwe. Yo t ap di: “Saül te touye dè milye pa li menm e David dè di-milye pa li menm.”
Sila ki fè lènmi avèk SENYÈ a va kraze nèt. Kont yo Li va gwonde depi nan syèl yo. SENYÈ a ki va jije, jis rive nan tout ekstremite latè yo. Konsa, Li va bay kouraj a wa Li; Li va fè leve wo kòn onksyon pa Li a.”