Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 2:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Sila ki fè lènmi avèk SENYÈ a va kraze nèt. Kont yo Li va gwonde depi nan syèl yo. SENYÈ a ki va jije, jis rive nan tout ekstremite latè yo. Konsa, Li va bay kouraj a wa Li; Li va fè leve wo kòn onksyon pa Li a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Senyè a ap kraze tout lènmi l yo. L'ap rete nan syèl la, l'ap voye loray tonbe sou yo. Senyè a gen pou jije dènye moun ki sou latè. L'a bay wa li a pouvwa, l'ap chita pouvwa moun li te chwazi pou wa a.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 2:10
50 Referans Kwoze  

SENYÈ a te eklate depi nan syèl la, e vwa Pli Wo a te reponn.


Li va bati yon kay pou non Mwen e Mwen va etabli twòn wayòm li a jis pou tout tan.


Alò pou sa, konsa ou va di a sèvitè Mwen an, David: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo; Mwen te pran ou soti nan patiraj la, soti nan swiv mouton, pou devni yon chèf sou pèp Mwen an, Israël.


Oswa èske ou gen yon bra tankou Bondye, ak yon vwa ki ka gwonde tankou pa L la?


La Mwen va koze kòn a David la boujonnen pou l parèt. Mwen te prepare yon lanp pou onksyone pa M nan.


Li te leve yon kòn pou pèp Li a, Lwanj pou tout fidèl Li yo, menm pou fis Israël yo, yon pèp toupre Li. Louwe SENYÈ a.


Wa latè yo pran pòz yo e chèf yo pran konsèy ansanm kont SENYÈ a, e kont onksyone pa Li a:


Men pou Mwen menm, Mwen fin plase Wa Mwen an sou Sion, mòn sen Mwen an.


Ou va kase yo avèk yon baton fè, Ou va kraze yo tankou veso kanari.”


Alò, mwen konnen ke SENYÈ a va delivre moun onksyone pa Li a. Li va reponn li soti nan syèl sen Li an, avèk delivrans pwisan men dwat Li a.


Genyen kèk ki fè konfyans nan cha yo, e kèk nan cheval yo, Men nou va fè konfyans nan non SENYÈ a, Bondye nou an.


O SENYÈ, nan fòs Ou, Wa a va fè kè kontan. Nan delivrans Ou, ki gran rejwisans li va gen!


SENYÈ a se fòs yo. Li se yon defans pou sove onksyone Li yo.


Ou te renmen ladwati e te rayi mechanste. Pou sa, Bondye, Bondye pa Ou a, te onksyone Ou avèk lwil lajwa plis ke moun parèy Ou yo.


Paske Ou se glwa a fòs yo, e pa favè Ou, kòn nou vin egzalte.


Fidelite Mwen avèk lanmou dous Mwen va avèk li. Nan non Mwen, kòn li va vin egzalte.


Mwen va osi mete men li sou lanmè a, ak men dwat li sou rivyè yo.


devan SENYÈ a, paske La p vini. Paske La p vini pou jije latè. Li va jije mond lan avèk ladwati e pèp yo ak fidelite Li.


devan SENYÈ a, paske l ap vini pou jije latè. Li va jije lemonn ak ladwati Li E pèp yo avèk jistis.


Men dwat Ou, SENYÈ, ranpli ak majeste avèk pwisans. Men dwat Ou, O SENYÈ, vin dechire lènmi an nèt.


Rejwi jennonm, pandan jenès ou, e kite kè ou rete kontan pandan ane de laj jenès ou yo. Swiv sa ki atire kè ou ak dezi a zye ou, men konnen byen ke Bondye va rele ou nan jijman pou tout bagay sa yo.


Paske Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.


Li va vizite pa SENYÈ dèzame yo. Li va pini yo ak tonnè, tranbleman detè, gwo bri, toubiyon ak tanpèt ak flanm dife a ki manje tout bagay.


Gade byen, yon wa va renye ak ladwati e prens yo va renye ak jistis.


Yo va di de Mwen: ‘Se sèlman nan SENYÈ a ki gen ladwati ak pwisans.’” Lèzòm va vin kote Li e tout moun ki te fè laràj kont Li va vin wont nèt.


“Nan jou sa a, Mwen va fè yon kòn vin pouse pou lakay Israël, e Mwen va ouvri bouch ou nan mitan yo. Epi konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”


“Epi Wa la va di a sila ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm ki beni pa Papa m; eritye wayòm nan ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan.


Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè.


Li te leve yon kòn sali pou nou lakay David la, sèvitè Li a.


“Men lènmi M sa yo ki pa t vle M renye sou yo a, mennen yo isit la, e touye yo nan prezans mwen.”


sou Jésus de Nazareth la, jan Bondye te bay li onksyon avèk Lespri Sen an, e avèk pwisans, Li te ale toupatou e t ap fè byen, jan Li te geri tout moun ki te oprime pa dyab la, paske Bondye te avè L.


“Paske vrèman, nan vil sa a, yo te rasanble ansanm kont sèvitè sen Ou an, Jésus, ke ou menm te onksyone a; Hérode ak Ponce Pilate ansanm avèk nasyon payen yo ak pèp Israël la,


Paske nou tout dwe parèt devan chèz jijman a Kris la, pou chak moun kapab rekonpanse pou zèv li nan kò a, selon sa li te fè, kit byen kit mal.


“Se konsa pou kite tout lènmi Ou yo peri, O SENYÈ, men ke sila ki renmen Li yo vin tankou solèy k ap leve ak tout fòs li.” Konsa, peyi a te rete san boulvèsman pandan karant ane.


Alò pou sa, men wa ke nou te mande a. Epi gade byen, SENYÈ a te mete yon wa sou nou.


Èske se pa rekòlt ble li ye kounye a? M ap fè apèl SENYÈ a, pou Li kapab voye tonnè avèk lapli. Konsa, nou va konnen e wè mechanste ke nou te fè nan zye SENYÈ a gran, lè nou te mande pou nou yon wa.”


Konsa, Samuel te rele a SENYÈ a, e SENYÈ a te voye tonnè avèk lapli nan jou sa a. Epi tout pèp la te gen gwo lakrent SENYÈ a ak Samuel.


Men mwen! Temwaye kont mwen devan SENYÈ a avèk moun onksyone pa Li yo. Se bèf a ki moun mwen konn vòlè, oswa bourik a kilès mwen te konn pran, oswa se kilès mwen te konn twonpe? Ki moun mwen te konn oprime, oswa nan men a kilès mwen te touche anba tab pou zye m pa wè? Si mwen te fè bagay sa yo, M ap repare sa.”


Epi Samuel te di li: “SENYÈ a te dechire wayòm ou an, e Li te bay li a vwazen ou an, ki pi bon pase ou.


Alò, SENYÈ a te di a Samuel: “Pandan konbyen de tan ou va lamante pou Saül, paske Mwen te rejte li kòm wa sou Israël? Ranpli poban ou avèk lwil e ale. Mwen va voye ou vè Jesse, mesye Bethléhem nan, paske mwen te chwazi yon wa pou kont Mwen pami fis li yo.”


Pandan Samuel t ap ofri ofrann brile a, Filisten yo te rapwoche pou fè batay kont Israël. Men SENYÈ a te gwonde nan jou sa a kont Filisten yo. Li te fè yon malkonprann antre yo, e Li te boulvèse yo devan Israël.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite