Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Samyèl 22:51 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

51 Li se yon gran sitadèl delivrans pou wa Li a, ki montre lanmou dous a onksyone pa Li a, Menm a David avèk desandan pa li yo, jis pou tout tan.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

51 Bondye delivre wa li a anpil fwa. Li moutre jan li pa janm sispann renmen David, moun li chwazi a, ansanm ak pitit pitit li yo pou tout tan.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 22:51
18 Referans Kwoze  

Ki konn sove wa yo, ki fè David, sèvitè Li a, chape de nepe lanmò a.


Konsa, Mwen va etabli desandan li yo jis pou tout tan, e twòn li tankou jou syèl yo.


Mwen te twouve David, sèvitè Mwen an. Avèk lwil sen Mwen an, mwen te onksyone l.


Li bay gran delivrans a wa Li a, epi montre lanmou dous Li a onksyone Li a, a David avèk desandan li yo jis pou tout tan.


Answit, setyèm zanj lan te sone, epi te gen gwo vwa yo nan syèl la ki t ap di: “Wayòm mond sa a gen tan devni wayòm a Senyè nou an, ak Kris Li a. Li va renye pou tout tan e pou tout tan!”


Men yo va sèvi SENYÈ a, Bondye pa yo a e David, wa yo a, ke Mwen va fè leve wo pou yo.


Mwen va di a SENYÈ a: “Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an. Se nan Li mwen mete konfyans!”


Desandan li yo va dire jis pou tout tan, e twòn li va tankou solèy la devan M.


Li va kriye a Mwen: ‘Ou se papa m, Bondy m Wòch a sali mwen an.


Bondye te parèt nan sitadèl li yo. La, Li te fè tèt Li rekonèt kon yon refij.


O SENYÈ, nan fòs Ou, Wa a va fè kè kontan. Nan delivrans Ou, ki gran rejwisans li va gen!


Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen, glwa mwen, ak Sila ki fè tèt mwen leve a.


Li te di: “SENYÈ a se wòch mwen, fòterès mwen ak liberatè mwen;


Fidelite Mwen avèk lanmou dous Mwen va avèk li. Nan non Mwen, kòn li va vin egzalte.


Lakay ou ak wayòm ou va dire devan Mwen pou tout tan. Twòn ou an va etabli pou tout tan.”’”


Alò, sila yo se dènye pawòl a David yo. David, fis a Jesse a deklare, Mesye ki te leve anwo a deklare, Sila ki onksyone pa Bondye a Jacob la, Chantè dous Israël la,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite