Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Amòs 6:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 sila ki enpwovize ak son ap la, ki envante lenstriman mizik yo menm jan ak David;

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Y'ap plede ranse pandan gita ap jwe. Yo kwè yo jwe mizik tankou David.

Gade chapit la Kopi




Amòs 6:5
12 Referans Kwoze  

Gwo fèt pa yo akonpanye ak jwe gita ak ap, tanbouren, flit ak diven; men yo pa okipe zèv SENYÈ yo, ni yo pa konsidere zèv men Li yo.


Retire sou Mwen bri a chanson nou yo; Mwen p ap menm koute son a ap nou yo.


Kantik a tanp la va tounen chan lamantasyon nan jou sa a,” deklare Senyè BONDYE a. “Kadav yo va anpil. Nan chak andwa, yo va jete yo deyò an silans.


Konsa, son sila k ap jwe ap yo, mizisyen yo, sila k ap jwe flit ak twonpèt yo p ap tande nan ou ankò. P ap ankò gen moun okenn metye k ap twouve nan ou ankò. Ni bri moulen an p ap tande nan ou.


Paske tan ki pase deja a, sifi pou nou te akonpli tout dezi a payen yo. Nou te konn pouswiv yon kous sansyèl, dezi chanèl, vin sou, banbòch, gwo fèt bwason, ak idolatri ki abominab.


Anplis, mwen te ranmase ajan ak lò pou pwòp tèt mwen ansanm ak trezò a wa yo ak pwovens pa yo. Mwen te founi pou pwòp tèt mwen chantè, ni mal, ni femèl, e tout plezi a lòm yo—anpil konkibin.


kat-mil te gadyen pòtay yo, e kat-mil ki pou louwe SENYÈ a avèk enstriman ke David te fè pou bay lwanj yo.


Epi David te pale avèk chèf Levit yo, pou dispoze fanmi pa yo, chantè yo, avèk lenstriman mizik yo, ap yo, gita yo, senbal ki sonnen fò yo, pou fè leve kri lajwa yo.


Poukisa ou te sove ale an sekrè? Ou fè m desepsyon sa a, e ou pa di m sa pou m ta kapab voye ou ale avèk jwa, ak chante, tanbouren ak ap?


Konsa, Mwen va fè son a chante ou yo vin sispann, e son ap ou yo p ap tande ankò.


Levit yo te kanpe avèk enstriman mizik a David yo, prèt yo avèk twonpèt yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite