2 Samyèl 22:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Bondye se sitadèl fòs mwen. Li fè chemen m san fot. 1998 Haïtienne Se Bondye ki pwoteje m avè fòs li. Li fè m mennen yon lavi san repwòch. |
Èske Toupwisan an pran plezi nan ladwati ou, oswa twouve pwofi si chemen ou yo san fot?
Mwen va prete atansyon a chemen san repwòch la. Kilè Ou va vini kote mwen? Mwen va mache anndan lakay mwen ak entegrite nan kè m.
Zye m va sou fidèl a peyi a pou yo kab rete avè m. Sila ki mache nan chemen san fot la, se li menm ki va sèvitè mwen.
SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen. Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se defans lavi mwen. Se kilès k ap fè m gen laperèz?
Mwen va enstwi ou e fè ou aprann chemen nan sila ou dwe ale a. Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou.
“SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen epi konsa, Li gen tan vin delivrans mwen. Sa se Bondye pa m, e mwen va louwe Li; Bondye a papa m nan, e mwen va leve Li wo.
Pa pè, paske Mwen avèk ou. Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou. Mwen va fòtifye ou. Anverite Mwen va bay ou sekou. Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati, men dwat Mwen.
Mwen va ranfòse yo nan SENYÈ a. Nan non pa Li, yo va mache monte desann” deklare SENYÈ a.
Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.
ekipe nou nan tout bon zèv, pou fè volonte Li, nan travay nan nou sa k ap fè plezi devan zye Li, nan Jésus Kri, a Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.