Wa a te di osi a Tsadok, prèt la: “Èske se pa yon divinò ke ou ye? Retounen nan vil la anpè, de fis ou yo avèk ou, fis ou Achimaats, avèk Jonathan, fis a Abiathar a.
1 Kwonik 6:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen epi Achithub te vin papa a Tsadok e Tsadok te vin papa a Achimaats; 1998 Haïtienne Akitoub te papa Zadòk, Zadòk te papa Akimaz, |
Wa a te di osi a Tsadok, prèt la: “Èske se pa yon divinò ke ou ye? Retounen nan vil la anpè, de fis ou yo avèk ou, fis ou Achimaats, avèk Jonathan, fis a Abiathar a.
Epi Huschaï te di a Tsadok avèk Abiathar, prèt yo: “Sa se konsèy sa a ke Achitophel te bay Absalom avèk ansyen a Israël yo e se sa ke mwen te konseye.
Alò, Jonathan avèk Achimaats te rete En-Rougel. Yon sèvant te gen pou ale pale yo pou yo ta ale avèti Wa David, paske yo pa t kapab kite moun wè yo antre nan vil la.
Alò, sèvitè a Absalom yo te vin kote fanm nan lakay li e te di: “Kote Achimaats avèk Jonathan?” Epi fanm nan te di yo: “Yo fin janbe dlo a.” Konsa, lè yo te chache e pa t kab jwenn yo, yo te retounen Jérusalem.
Alò, Achimaats, fis a Tsadok la te di: “Souple, kite mwen kouri pote nouvèl la bay wa a ke SENYÈ a gen tan delivre li anba men lènmi li yo.”
Alò, Achimaats, fis a Tsadok la te di yon lòt fwa a Joab: “Malgre nenpòt sa ki rive, kite mwen tou kouri dèyè Etyopyen an.” Epi Joab te di: “Poukisa ou ta kouri, fis mwen, kòmsi ou p ap twouve rekonpans pou ale a?”
Tsadok, fis a Achithub la avèk Achilémec, fis a Abithar a te prèt e Tseriah te sekretè.
Kite Tsadok, prèt la ak Nathan, pwofèt la onksyone li la kòm wa sou Israël. Soufle twonpèt la e di: ‘Viv wa a, Salomon!’
Wa a te anplis, voye avèk li Tsadok, prèt la, Nathan, pwofèt la, Benaja, fis a Jehojada a, Keretyen yo, Peletyen yo, epi yo te fè li monte sou milèt a wa a.
Men Tsadok, prèt la, Benaja, fis a Jehojada a, Nathan, pwofèt la, Schimeï, Réï, ak mesye vanyan ki te apatyen a David yo, pa t avèk Adonija.
Wa a te chwazi Benaja, fis a Jehojada a sou lame a nan plas li e wa a te chwazi Tsadok kòm prèt nan plas Abiathar.
David, avèk Tsadok, fis a Éléazar yo ak Achimélec a desandan a Ithamar yo, te divize yo selon fonksyon yo nan sèvis pa yo.
Azaria, chèf prèt lakay Tsadok la te di li: “Depi don yo te kòmanse antre lakay SENYÈ a, nou te gen kont pou nou manje avèk anpil ki te rete, paske SENYÈ a te beni pèp Li a, e gran kantite sila a rete toujou.”