Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Samyèl 18:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Alò, Achimaats, fis a Tsadok la te di: “Souple, kite mwen kouri pote nouvèl la bay wa a ke SENYÈ a gen tan delivre li anba men lènmi li yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Akimaz, pitit gason Zadòk la, di Joab konsa: — Kite m kouri al fè wa a konnen jan Senyè a rann li jistis, jan li delivre l anba men lènmi l yo.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 18:19
15 Referans Kwoze  

Gade byen, de fis pa yo a avèk yo la a, Achimaats, fis a Tsadok a e Jonathan, fis a Abaithar a; epi pa yo menm, ou va voye ban mwen tout bagay ke ou tande yo.”


Gade byen, Etyopyen an te rive e Etyopyen an te di: “Kite mèt mwen an, wa a resevwa bòn nouvèl; paske SENYÈ a te delivre ou nan jou sa a soti nan men a tout sila ki te leve kont ou yo.”


Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.


pou bay jistis a òfelen an avèk oprime a, pou lòm ki mache sou tè a, pa koze laperèz ankò.


Ou te wè sa, paske Ou te wè kont mechanste ak agase moun pou pran sa an men. Malere a ap depann de Ou menm; Se Ou ki konn ede òfelen an.


Senyè a te leve tèt Li pou yo wè; Li te rann jijman an. Nan zèv a pwòp men Li, mechan an kole nan pwòp pèlen li. Tan


Paske Ou te bay soutyen a dwa m, avèk koz mwen ki jis; Ou chita sou twòn Ou e fè jijman avèk ladwati.


Leve, O SENYÈ, nan kòlè Ou; leve Ou menm kont raj ladvèsè mwen yo. Leve Ou menm pou mwen; Ou menm ki te etabli jijman an.


“Malgre sa ki rive”, li te di: “Mwen va kouri”. Epi Achimaats te kouri nan wout plèn nan e te vin depase Etyopyen an.


Alò, Jonathan avèk Achimaats te rete En-Rougel. Yon sèvant te gen pou ale pale yo pou yo ta ale avèti Wa David, paske yo pa t kapab kite moun wè yo antre nan vil la.


Men Joab te di li: “Ou menm se pa nonm ki pou pote nouvèl la nan jou sa a, malgre ke ou va pote li yon lòt jou, men ou p ap pote li jodi a, paske fis a wa a mouri.”


Youn kouri rankontre yon lòt; yon mesaje rankontre yon lòt, pou pale wa Babylone nan ke vil li a fin kaptire, soti nan yon pwent pou rive nan yon lòt.


Wa a te di osi a Tsadok, prèt la: “Èske se pa yon divinò ke ou ye? Retounen nan vil la anpè, de fis ou yo avèk ou, fis ou Achimaats, avèk Jonathan, fis a Abiathar a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite