Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 1:44 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

44 Wa a te anplis, voye avèk li Tsadok, prèt la, Nathan, pwofèt la, Benaja, fis a Jehojada a, Keretyen yo, Peletyen yo, epi yo te fè li monte sou milèt a wa a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

44 Li voye chache Zadòk, prèt la, Natan, pwofèt la, Benaja, pitit Jeojada a, ansanm ak keretyen yo ak peletyen yo, li fè yo ale ak Salomon. Yo menm, yo fè Salomon moute sou milèt wa a.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 1:44
10 Referans Kwoze  

Men fis a Tsibeon yo: Ajja ak Ana. Se te Ana ki te twouve sous cho nan dezè a lè l t ap fè gadyen bourik yo pou papa l, Tsibeon.


Konsa, mesye Abischaï yo te sòti dèyè li, ansanm avèk Keretyen yo, Peletyen yo ak tout mesye vanyan yo. Epi yo te kite Jérusalem pou kouri dèyè Schéba, fis a Bicri a.


Benaja, fis a Jehojada a te chèf sou Keretyen avèk Peletyen yo; epi fis a David yo te chèf ministè leta yo.


Wa a te di yo: “Pran avèk ou sèvitè a mèt ou yo, e fè fis mwen an, Salomon, monte sou milèt pa m nan pou l mennen anba nan Guihon.


Men Jonathan te reponn a Adonaja: “Non! Mèt nou, Wa David, te fè Salomon wa.


Tsadok, prèt la, avèk Nathan, pwofèt la, te onksyone li wa nan Guihon. Yo te vin monte depi la, ranpli avèk jwa jiskaske tout vil la te vin boulvèse. Sa se bwi ke nou te tande a.


Li te vin rive ke lè David te rete lakay li, ke David te di a Nathan, pwofèt la: “Gade byen, mwen rete nan yon kay fèt ak sèd, men lach akò SENYÈ a rete anba rido.”


epi Benaja, fis a Jehojada a, te chèf sou Keretyen avèk Peletyen yo; epi fis a David yo te premye chèf ansanm akote wa a.


epi Achithub te vin papa a Tsadok e Tsadok te vin papa a Achimaats;


Nou te fè yon atak nan Negev a Keretyen yo ak sou sa ki apatyen a Juda a ak nan Negev pou Caleb la; epi nou te brile Tsiklag avèk dife.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite