Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Samyèl 17:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Alò, Jonathan avèk Achimaats te rete En-Rougel. Yon sèvant te gen pou ale pale yo pou yo ta ale avèti Wa David, paske yo pa t kapab kite moun wè yo antre nan vil la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Jonatan, pitit Abyata a, ak Akimaz, pitit Zadòk la, te rete bò sous Lesivèz yo ap tann, paske yo pat ka antre nan lavil la pou moun pat wè yo. Se yon sèvant ki te konn al pote nouvèl sa k'ap pase ba yo pou yo te ka al avèti wa David.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 17:17
8 Referans Kwoze  

Wa a te di osi a Tsadok, prèt la: “Èske se pa yon divinò ke ou ye? Retounen nan vil la anpè, de fis ou yo avèk ou, fis ou Achimaats, avèk Jonathan, fis a Abiathar a.


Èske Tsadok avèk Abiathar se pa prèt ki avèk ou la a? Pou sa, nenpòt sa ou tande soti lakay wa a, ou va bay rapò a Tsadok avèk Abaithar, prèt yo.


Gade byen, de fis pa yo a avèk yo la a, Achimaats, fis a Tsadok a e Jonathan, fis a Abaithar a; epi pa yo menm, ou va voye ban mwen tout bagay ke ou tande yo.”


Pandan li te toujou ap pale, men vwala, Jonathan, fis a Abiathar a, prèt la te vin rive. Alò Adonaja te di: “Antre, pwiske ou se yon nonm vanyan ki pote bòn nouvèl.”


Adonija te fè sakrifis mouton avèk bèf ak bèt gra kote wòch a Zohéleth la, ki akote En-Rouguel. Li te envite tout frè li yo, fis a wa yo ak tout mesye pwisan Juda yo, sèvitè a wa yo.


Lizyè a te monte vè Debir soti nan vale a Acor a e te vire bò nò a vè Guilgal ki anfas pant pou rive Adummim, ki nan sid vale a, epi lizyè a te kontinye rive jis nan dlo a En-Schémesch pou te fini nan En-Roguel.


Lizyè a te kouri desann rive akote ti mòn ki nan vale Ben-Hinnom, ki nan vale Rephaïm nan vè nò. Epi li te ale desann a vale Hinnom an, nan pant Jebizyen vè sid e te desann jis nan En-Roguel.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite