1 Kwonik 16:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Tranble devan Li, tout latè. Anverite, lemond etabli byen solid. Li p ap deplase menm. 1998 Haïtienne Nou tout ki sou latè, tranble devan li. Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l. |
Paske gran se SENYÈ a, e gran pou resevwa lwanj yo. Anplis, fòk nou gen lakrent Li plis pase tout lòt dye yo.
Bay a SENYÈ a glwa ke non Li dwe genyen an. Pote lofrann yo vini devan L. Adore SENYÈ a avèk tout bagay sen yo.
SENYÈ a renye! Li abiye an majeste! SENYÈ a te abiye Li ak fòs. Anverite, mond lan etabli byen solid. Li pa ebranle menm.
SENYÈ a renye! Kite pèp yo pran tranble. Li plase twòn Li an anwo cheriben yo. Kite latè pran tranble!
Konsa pale SENYÈ a, se nan yon tan konvenab, ke M te reponn Ou. Nan jou sali a, Mwen te bay Ou sekou. Mwen va kenbe Ou e bay Ou kon yon akò pou pèp la, pou restore peyi a, e pou fè yo posede eritaj dezole yo.
Bondye te fè tè a pa pouvwa Li. Li te etabli lemonn ak sajès Li; ak konprann Li, Li te etann syèl yo.
Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a. Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a.
Answit, setyèm zanj lan te sone, epi te gen gwo vwa yo nan syèl la ki t ap di: “Wayòm mond sa a gen tan devni wayòm a Senyè nou an, ak Kris Li a. Li va renye pou tout tan e pou tout tan!”