Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Kwonik 16:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 Bay a SENYÈ a glwa ke non Li dwe genyen an. Pote lofrann yo vini devan L. Adore SENYÈ a avèk tout bagay sen yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

29 Fè lwanj Senyè a, paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li! Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a!

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 16:29
28 Referans Kwoze  

Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman, e nan lakou Li yo avèk lwanj. Ba Li remèsiman! Beni non Li!


Youn te rele a yon lòt epi te di: “Sen, Sen, Sen, se SENYÈ dèzame yo; tout latè plen ak glwa Li.”


Adore SENYÈ a nan abiman ki sen. Tranble devan L, tout latè a.


Tout bèlte ak majeste devan L. Pwisans ak bèlte rete nan sanktiyè Li a.


Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman, Annou rele fò a Li menm avèk sòm.


Bay a SENYÈ a, glwa ke non Li merite a. Adore SENYÈ a avèk tout sa ki sen.


Konsa, li va viv, e lò a Séba va bay a li menm. Moun va priye pou li san rete. Yo va beni li tout lajounen.


Yo t ap di: “Amen! Benediksyon, laglwa, sajès, remèsiman, lonè, pwisans, e pouvwa pou Bondye nou an pou tout tan e pou tout tan! Amen.”


Pèp Ou a va sèvi ak bòn volonte nan jou pouvwa Ou yo. Yo parèt an sentete, soti nan zantray maten an; ak jennes Ou, tankou lawouzaj gran maten an.


Lè li te fin konsilte pèp la, li te chwazi sila ki te chante a SENYÈ yo avèk sila ki te fè louwanj nan vètman sen yo, pandan yo t ap sòti devan lame a. Yo t ap di: “Bay remèsiman a SENYÈ a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.”


“Pou ou menm, fis a lòm, èske sa p ap nan jou a, lè M ap retire fòs yo nan men yo, lajwa fyète yo, dezi a zye yo e plezi a kè yo, fis ak fi pa yo,


Wa a Tarsis yo avèk lil yo va pote kado. Wa a Séba avèk Saba yo ap ofri kado.


Soti nan Sion, bèlte pafè a, Bondye fè limyè Li parèt.


Yo te transfòme bote a òneman pa Li yo pou vin ògèye yo te fè imaj abominasyon yo ak bagay detestab yo avè l. Konsa, Mwen va fè l vin yon bagay abominab pou yo menm.


Konsa nou va fè yo sanblab a boul bouton nou yo, e sanblab a sourit ki anvayi peyi nou an, epi nou va bay glwa a Bondye Israël la. Petèt Li kab lache men l sou nou.


Bay a SENYÈ a, O tout fanmi yo ak tout pèp yo, bay a SENYÈ a glwa avèk fòs!


Tranble devan Li, tout latè. Anverite, lemond etabli byen solid. Li p ap deplase menm.


Bay a SENYÈ a, O Fis a moun pwisan yo, bay a SENYÈ a, glwa avèk gwo fòs.


Bay a SENYÈ a, O fanmi a pèp yo, bay a SENYÈ a glwa ak pwisans.


Leve, leve! Abiye ou menm ak fòs ou, O Sion. Abiye ak bèl vètman ou yo, O Jérusalem, vil sen an; paske ensikonsi yo ak pa pwòp yo p ap antre kote ou a ankò.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite