Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Rit 3:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Men sa pou ou fè. Ale, pran yon bon beny. Pase pafen sou kò w, mete pi bèl rad ou a sou ou epi desann nan jaden an. Men pa kite Bowaz wè w toutotan li pa fin manje epi bwè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Al benyen. Mete odè sou ou, mete pi bèl rad ou sou ou. Epi ale bò glasi a, kote y'ap vannen an. Men, pa kite Bòz konnen ou la. W'a tann li fin manje, li fin bwè diven anvan.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Pou sa, lave kò ou, onksyone ou e mete pi bèl rad ou yo pou desann nan glasi vannen an. Men pa fè nonm nan konnen kilès ou ye jiskaske li fin manje ak bwè.

Gade chapit la Kopi




Rit 3:3
10 Referans Kwoze  

Lè pèp Jwif la te sou twazyèm jou jèn yo, Estè mete wòb rèn li sou li epi l al kanpe nan lakou ki anndan bò palè wayal la, anfas kote twòn wa a ye a. Wa a te chita sou twòn li sou estrad la ki bay fas lakou a.


Men nou menm, lè n ap jene, lave vizaj nou. Fè figi nou byen fre.


Kòm ou konnen, Bowaz ki te ba w pèmisyon pou ou travay bò kote sèvant li yo, se yon manm fanmi nou. Aswè a li pral bat lòj sou glasi a.


Apre l fin manje, li pral kouche pou l pran repo. Siveye ki kote l al kouche. Lè dòmi pote l ale, avanse kote l tou dousman, leve pwent dra a, kouche nan pye l. Li menm, li va di w sa pou ou fè.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite