Rit 3:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil4 Apre l fin manje, li pral kouche pou l pran repo. Siveye ki kote l al kouche. Lè dòmi pote l ale, avanse kote l tou dousman, leve pwent dra a, kouche nan pye l. Li menm, li va di w sa pou ou fè.” Gade chapit la1998 Haïtienne4 Lè sa a, w'a gade byen kote l'al kouche. Lè w'a wè dòmi pran l, ou va ale, w'a leve pwent dra ki kouvri pye l yo, epi w'a kouche kouche ou la, bò kote l. Li menm l'a di ou sa pou ou fè apre sa. Gade chapit laBib Sen An: Kreyòl Ayisyen4 Li va rive ke lè li fin kouche, ke ou va remake byen kote li kouche a, epi ou va ale dekouvri pye li e kouche la. Konsa li va di ou kisa pou w fè.” Gade chapit la |