Rit 3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl FasilRit dòmi nan pye Bowaz 1 Yon bon jou, Nawomi bèlmè Rit, di Rit konsa: “Pitit fi m, se wòl mwen pou m chache yon bon mari pou ou ki kapab pran swen w epi ba w yon bon kote pou ou rete. 2 Kòm ou konnen, Bowaz ki te ba w pèmisyon pou ou travay bò kote sèvant li yo, se yon manm fanmi nou. Aswè a li pral bat lòj sou glasi a. 3 Men sa pou ou fè. Ale, pran yon bon beny. Pase pafen sou kò w, mete pi bèl rad ou a sou ou epi desann nan jaden an. Men pa kite Bowaz wè w toutotan li pa fin manje epi bwè. 4 Apre l fin manje, li pral kouche pou l pran repo. Siveye ki kote l al kouche. Lè dòmi pote l ale, avanse kote l tou dousman, leve pwent dra a, kouche nan pye l. Li menm, li va di w sa pou ou fè.” 5 Rit reponn li: “M ap fè tout sa ou di m fè yo.” 6 Konsa, Rit desann sou glasi a epi li fè tout sa Nawomi, bèlmè li, te di l fè yo. 7 Apre Bowaz te fin manje, li bwè, kè l kontan, l al kouche bò kote yon gwo pil grenn lòj ki te fin bat. Rit avanse sou pwent pye, li dekouvri pye Bowaz, epi li kouche. 8 Nan mitan nuit la, Bowaz pantan toudenkou paske li te santi te gen yon fi ki kouche nan pye l. 9 Bowaz mande, “Ki moun ou ye?” Rit reponn, “se mwen menm Rit, sèvant ou. Ou gen dwa proteksyon sou fanmi nou. Voye dra w sou mwen, kouvri m non.” 10 Bowaz di l: “Se pou SENYÈ a beni w pitit fi m! Nan fason sa a, ou kontinye montre plis fidelite toujou pou fanmi Nawomi. Ou te gendwa chache yon jèn gason pou marye avè w, menm si l te rich oubyen l te pòv, men ou pa fè sa. 11 Kounye a, pitit fi m, ou pa bezwen pè. M ap fè tout sa ou mande m nan. Tout sitwayen nan vil la tande pale de ou kòm yon bon fi. 12 Sa ou di a se vre, mwen se pwotektè fanmi an. Men gen yon lòt manm fanmi lan ki pi pwòch Elimelèk pase m. 13 Rete la, pase nuit la. Demen maten, m ap mande l si l vle pran responsablite a. Si l deside fè sa, pa gen pwoblèm. Men, si l pa vle, mwen pwomèt ou devan Bondye m ap fè sa mwen menm. Rete la jiskaske li jou.” 14 Kon sa, Rit rete kouche la nan pye Bowaz jouk rive bonè nan maten. Li te mete nan tèt li l ap pati anvan l jou- yon lè ki pa fin jou nèt pou yon moun pa ta rive rekonèt menm pwòp zanmi l. Bowaz te fè l ale bonè konsa, paske li te di nan tèt li “pèsonn pa dwe konnen yon madanm te dòmi nan jaden an.” 15 Pandan Rit prale, Bowaz di li: “Ranje rad ki sou ou a, kenbe l nan pwent.” Lè Rit fin ranje rad la, Bowaz vide sis mezi grenn lòj ladan l pou Rit epi li ede Rit leve l mete sou zepòl li. Apre sa, Bowaz tounen nan lavil la. 16 Lè Rit rive lakay, Nawomi mande l: “Kòman sa pase pitit fi m?” Rit rakonte l tout sa Bowaz te fè pou li. 17 Rit di l: “Bowaz ban m pwovizyon epi li di m: Piga ou tounen al lakay ou san ou pa pran ti kado sa a pou bèlmè w.” 18 Nawomi reponn: “Pitit fi m, pran pasyans epi n ap wè sa k pral pase. Bowaz p ap ka dòmi toutotan li pa fè sa l dwe fè a. N ap wè yon bagay fèt anvan jounen an fin i!” |
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
@ 2017 Bible League International
Bible League International