Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 9:26 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

26 Movèzespri a pouse yon kri, li frape jèn gason an atè ankò, epi li sòti. Jèn gason an rete atè a tankou yon moun ki mouri, se sa ki fè anpil moun t ap di: “li mouri.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 Move lespri a souke tibway la byen souke. Li bay yon gwo rèl, epi li sòti, l ale. Ti gason an te rete tankou si l te mouri atè a, kifè anpil moun te gentan ap di: — Li mouri wi.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Lè lespri a fin kriye fò, e jete li nan gwo kriz tèrib, li te sòti. Ti gason an te tèlman parèt kon yon kadav, ki te fè pi fò nan yo te di: “Li mouri!”

Gade chapit la Kopi




Mak 9:26
8 Referans Kwoze  

Yon dam moun peyi Kanaran, ki t ap viv nan zòn lan, te vin kote Jezi. Li t ap rele Jezi avèk yon vwa byen fò: “Senyè, Pitit David la, ede m non! Pitit fi m lan gen yon demon sou li k ap fè l soufri anpil.”


Movèzespri a sakaje misye a. Li pouse yon gwo kri epi li sòti sou misye a.


Epi, lè lespri a pran l, lespri a frape l atè, li kimen li manje dan l epi tout kò l vin rèd. Mwen mande disip ou yo pou yo ta chase move lespri a, men yo pa t kapab.”


Disip yo mennen jèn gason an bay Jezi. Lè move lespri a wè Jezi, li atake jèn gason an, li tonbe, li woule atè epi kim t ap sòti nan bouch li.


Lè Jezi wè foul la t ap vin pi gwo, li pali byen sevè ak move lespri a, li di l: “Movèzespri ki fè jèn gason sa a soud epi ki fè l paka pale a, mwen ba ou lòd pou sòti epi pou pa janm rantre sou li ankò!”


Men Jezi pran men jèn gason an pou l ede l kanpe. Epi li kanpe.


Syèl yo, se pou n rejwi nou ansanm ak tout sa ki nan syèl yo! Men sa va tèrib pou latè a ak lanmè a, paske dyab la ranvèse tonbe sou nou. Li move, li an kòlè, paske l konnen l pa gen anpil tan ankò.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite