Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 9:25 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

25 Lè Jezi wè foul la t ap vin pi gwo, li pali byen sevè ak move lespri a, li di l: “Movèzespri ki fè jèn gason sa a soud epi ki fè l paka pale a, mwen ba ou lòd pou sòti epi pou pa janm rantre sou li ankò!”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

25 Lè Jezi wè foul la ap kouri vini, li pale byen sevè ak movèzespri a, li di li: — Lespri bèbè, lespri soudè, mwen kòmande ou: Soti sou tibway la touswit, pa janm tounen sou li ankò.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Lè Jésus te wè yon foul moun t ap rasanble, Li te reprimande move lespri a. Li te di L: “Ou menm lespri soud e bèbè, Mwen kòmande ou, sòti nan li, e pa antre nan li ankò.”

Gade chapit la Kopi




Mak 9:25
17 Referans Kwoze  

Li fè sa pandan plizyè jou. Sa jenn fi a t ap fè a te nui Pòl. Sa fè yon jou, Pòl vire, li di lespri a: “Nan non Jezikris, mwen pase w lòd, soti sou jenn fi a.” Menm lè a, lespri a soti sou li.


Pandan ti gason an t ap vin jwenn Jezi, denmon an lage l atè. Li souke l byen souke. Men Jezi pale byen rèd ak move lespri a. Li geri ti gason an epi li remèt li bay papa l.


Lè foul la wè Jezi yo te sezi anpil epi yo te kouri vin salye l.


Apre sa, Jezi pase demon an lòd pou l soti sou ti gason an. Nan menm lè a, ti gason an te geri.


Menm Michèl, chèf zanj yo, li pa fè bagay konsa. Poutan, li te nan yon bon chire pit ak lespri malen an, poutèt kò Moyiz. Nan chire pit sa a, li pa t oze ensilte l. Li di sèlman: “Se pou Senyè pini w!”


Yon lè, te gen yon moun ki gen yon denmon sou li ki te fè l bèbè. Jezi chase denmon an sou nonm nan. Lè denmon an te soti, bèbè a te kòmanse pale ankò. Foul la pa t manke sezi lè yo te wè sa.


Li te pale kon sa paske Jezi te di move lespri a, “Soti nan nonm sa a.” Lè w tande denmon an te konn sele nonm sa a, se mare yo te konn mare ni men li ni pye li nan chenn epi mete l nan prizon. Malgre sa toujou, move lespri a te konn fè l kase chenn yo epi pati ak li ale nan raje, kote ki pa gen moun.


Te gen anpil denmon tou ki t ap soti sou anpil moun. Yo t ap kriye byen fò, yo t ap di: “Se pitit Bondye ou ye.” Men Jezi te reprimande yo. Li pa t ba yo pèmisyon pou yo pale, paske yo te konnen se Kris la li ye.


Jezi pale byen rèd ak lespri a, li di l: “Fèmen bouch ou, retire kò w sou misye a!” Movèzespri a sakaje misye a, epi li soti sou nonm nan, san li pa t fè l okenn mal.


Apre sa yo te mennen bay Jezi yon nonm ki te avèg epi bèbè an menm tan paske li te gen yon move lespri sou li. Jezi geri li. Epi nonm nan te wè epi li te pale.


Menm kote a, papa a di byen fò: “Mwen kwè, ede m pou m kwè pi plis.”


Movèzespri a pouse yon kri, li frape jèn gason an atè ankò, epi li sòti. Jèn gason an rete atè a tankou yon moun ki mouri, se sa ki fè anpil moun t ap di: “li mouri.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite