Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 9:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Lè lespri a fin kriye fò, e jete li nan gwo kriz tèrib, li te sòti. Ti gason an te tèlman parèt kon yon kadav, ki te fè pi fò nan yo te di: “Li mouri!”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 Move lespri a souke tibway la byen souke. Li bay yon gwo rèl, epi li sòti, l ale. Ti gason an te rete tankou si l te mouri atè a, kifè anpil moun te gentan ap di: — Li mouri wi.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

26 Movèzespri a pouse yon kri, li frape jèn gason an atè ankò, epi li sòti. Jèn gason an rete atè a tankou yon moun ki mouri, se sa ki fè anpil moun t ap di: “li mouri.”

Gade chapit la Kopi




Mak 9:26
8 Referans Kwoze  

Yo te pote gason an kote Li. E lè li te wè L, lapoula lespri a te jete li nan yon gwo kriz. Li te tonbe atè, te kòmanse woule toupatou e kimen nan bouch.


Move lespri a te boulvèse li avèk gwo kriz. Li te kriye ak yon vwa fò, e te kite li.


“Pou rezon sa a, rejwi nou o syèl, ak nou menm ki demere ladann yo. Malè a tè a ak lanmè a paske dyab la gen tan desann sou nou avèk gwo kòlè, akoz li konnen tan li an vrèman kout.”


epi lè li sezi l, li voye li atè. Li kimen nan bouch e manje dan l; kò li vin tou rèd. Mwen te pale disip Ou yo pou chase l, men yo pa t kapab.”


Depi mwen te vin kote Farawon pou pale nan non Ou a, li te fè mechanste a pèp sila a. Ni Ou pa t delivre pèp Ou a ditou.”


Epi gade, yon fanm Canaan nan rejyon sa a te vin parèt. Li te kòmanse kriye fò e te di: “Fè m gras, Senyè, Fis a David la! Fi mwen an gen yon move lespri.”


Lè Jésus te wè yon foul moun t ap rasanble, Li te reprimande move lespri a. Li te di L: “Ou menm lespri soud e bèbè, Mwen kòmande ou, sòti nan li, e pa antre nan li ankò.”


Men Jésus te pran li pa men li, te leve l, e Li te kanpe.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite