Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 14:20 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Jezi di yo: “Youn nan nou douz la, sila a k ap tranpe pen l nan bòl la avè m nan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Li reponn yo: — Se yonn nan nou douz la k'ap tranpe pen ansanm avè m nan plat la.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Li te di yo: “Se youn nan douz yo; youn ki tranpe manje l nan veso ansanm avè M nan.

Gade chapit la Kopi




Mak 14:20
9 Referans Kwoze  

Jezi reponn yo: “Moun nan menm ki fèk tranpe pen nan plat la avè m, se li menm ki ap livre m.


Jezi pa t ko menm fin pale, lè Jida, youn nan douz disip yo, te parèt. Chèf prèt yo, ak lidè Juif yo te voye avè l yon foul moun ame ak nepe epi baton.


Disip yo te vin tris, epi yo t ap di l, youn apre lòt: “Sètènman se pa mwen menm.”


Pitit Lòm nan gen pou mouri jan sa te prevwa nan Bib la, men malè pou moun ki livre l bay la. Li t ap pi bon pou moun sa pou l pa t janm fèt.”


Jezi pa t ko menm fin pale, lè Jida, youn nan douz disip yo, te parèt. Chèf prèt yo, direktè Lalwa yo ak lidè Juif yo te voye avè l yon foul moun ame ak nepe ak baton.


Jezi pa t ko menm fin pale, lè yon foul moun vin rive. Jida, youn nan douz yo, t ap mache devan foul la. Li pwoche bò kote Jezi, li bo li.


Jezi reponn li: “Moun ou va wè m tranpe yon moso pen ba li a.” Lè sa a, li plonje yon moso pen nan asyèt la epi li lonje l bay Jida Iskaryòt, pitit Simon an.


Li t ap pale de Jida, pitit Simon Iskaryòt la. Jida se te youn nan douz disip yo, men kèk tan apre, li te trayi Jezi lage l bay lènmi li yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite