Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 14:21 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Pitit Lòm nan gen pou mouri jan sa te prevwa nan Bib la, men malè pou moun ki livre l bay la. Li t ap pi bon pou moun sa pou l pa t janm fèt.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Moun Bondye voye nan lachè a pral mouri, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun k'ap trayi l la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pat janm fèt.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Paske Fis a Lòm nan gen pou ale, jan ke sa ekri sou Li a; men malè a nonm sa a, pa li menm Fis a Lòm nan trayi a. Li t ap pi bon pou li si li pa t janm fèt.”

Gade chapit la Kopi




Mak 14:21
28 Referans Kwoze  

Men sa pa t ap tonbe daplon ak pwofesi ki te gen tan di kijan tout bagay pral pase.”


Antouka, sa pase kon sa pou pawòl pwofèt yo te ka akonpli.” Apre pawòl sa yo, tout disip yo gaye.


Jezi di yo: “Youn nan nou douz la, sila a k ap tranpe pen l nan bòl la avè m nan.


Pandan yo t ap manje, Jezi pran pen an, li di Bondye mèsi, li kase l, li bay disip yo, epi li di: “Pran, Sa a se kò mwen.”


Chak jou mwen te avèk nou, m t ap anseye nan tanp lan chak jou ap anseye, pouki nou pa t arete m? Antouka, sa pase kon sa pou pawòl pwofèt yo te ka akonpli.”


Pitit Lòm nan pral fè sa Papa a te gentan deside pou l fè, se vre, men malè pou moun ki trayi l la.”


Apre sa, li di yo: “Bagay sa yo se sa m te di nou lè m te toujou la ansanm ak nou an? Mwen te di nou tout sa ki ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan liv pwofèt yo ak nan Sòm yo, dwe rive vre.”


Apre sa, poutèt Jezi konnen tout bagay te fin akonpli, pou Bib la te ka akonpli nèt, li di: “Mwen swaf.”


pou sèvi kòm apot nan ministè sa a Jida te kite tonbe pou l al kote ki pou li a.


Se yon trèt ki livre Jezi ban nou, epi nou touye l. Moun ki ede nou fè sa, yo pa menm fè ka de lwa nou an, nou klouwe l sou yon kwa. Men, Bondye te konnen tou sa te gen pou rive. Se te plan Bondye, yon plan li te genyen depi byen lontan.


Se egzateman sa ki te rive nan vil sa a menm, lè Ewòd te reyini ansanm ak Pons Pilat ansanm ak moun lòt nasyon yo ak pèp Izrayèl la kont Jezi, sèvitè w la ou te chwazi epi ki te mache dwat devan w lan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite