Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 10:46 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

46 Apre sa yo ale nan vil Jeriko. Pandan l ap kite vil la ak disip li yo epi ak yon gwo foul moun, pitit Time a (Batime), yon avèg te chita bò wout la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

46 Yo te rive lavil Jeriko. Lè sa a, Jezi t'ap sòti kite bouk la ansanm avèk disip li yo ak yon gwo foul moun. Te gen yon nonm avèg chita bò chemen an ki t'ap mande charite. Yo te rele l Batime, pitit Time.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

46 Konsa yo te rive Jéricho. E pandan Li t ap kite Jéricho avèk disip Li yo, ansanm ak yon gwo foul la, yon avèg ki t ap mande, ki te rele Bartimée, fis a Timée, te chita akote wout la.

Gade chapit la Kopi




Mak 10:46
9 Referans Kwoze  

Pandan l ap simen grenn, kèk grenn tonbe bò chemen an. Zwazo nan syèl vini, yo manje grenn yo.


Te genyen tou yon mandyan yo te rele Laza ki te toujou kouche bò papòt nonm rich la. Tout kò Laza te kouvri ak maleng.


Se kon sa Laza vin mouri. Zanj Bondye yo pote l al met chita nan plas donè bò kote Abraram, pou l manje ak li. Nonm rich la mouri tou, epi yo antere li.


Lè Jezi rive toupre lavil Jeriko, te gen yon avèg ki te chita bò wout la ap mande lacharite.


Jezi antre Jeriko. Li t ap mache atravè vil la.


Vwazen avèg la yo ak tout moun ki te konn wè l ap mande charite yo di: “Se pa li menm ki te konn chita isit la ap mande charite a?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite