Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 10:47 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

47 Lè l tande se Jezi, nonm Nazarèt la, ki t ap pase, li kòmanse rele byen fò: “Jezi, Pitit gason David la, tanpri ede m.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

47 Lè li tande se Jezi, moun Nazarèt la, ki t'ap pase, li pran rele: — Jezi, pitit David la, gen pitye pou mwen.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

47 Lè l tande ke se te Jésus, Nazareyen an, li te kòmanse kriye fò e te di: “Jésus, Fis a David la, gen pitye pou mwen!”

Gade chapit la Kopi




Mak 10:47
24 Referans Kwoze  

“Jezi moun Nazarèt, Ey, kisa ki genyen ant nou menm avèk ou, Jezi, moun Nazarèt la? Èske ou vin pou detwi nou? Mwen konnen ki lès ou ye, moun ki apa pou Bondye a!”


Mwen menm Jezi, m voye zanj mwen pote pawòl sa yo pou legliz yo. M soti nan ras David, m se zetwal devanjou a k ap klere anpil la.


Pandan Jezi ta prale, de avèg pati dèyè l, epi yo t ap kriye byen fò: “Pitit David la, gen pitye pou nou!”


Lidè Jwif yo reponn: “Gen lè se moun Galile ou ye tou! Etidye Bib la. Èske ou ap jwenn okenn pwofèt ki soti Galile?”


Apre sa li deplase, l ale bò baryè pou antre nan lakou Granprèt la. Yon lòt sèvant di moun ki te la yo: “Nonm sa a te avèk Jezi, moun Nazarèt la.”


Yon dam moun peyi Kanaran, ki t ap viv nan zòn lan, te vin kote Jezi. Li t ap rele Jezi avèk yon vwa byen fò: “Senyè, Pitit David la, ede m non! Pitit fi m lan gen yon demon sou li k ap fè l soufri anpil.”


Nou tande l ap di Jezi, nonm Nazarèt la, gen pou l kraze Tanp sa a epi l ap chanje tout koutim Moyiz te kite pou nou yo.”


Pilat te fè fè yon pannkat mete sou kwa a, li te ekri sou li: Jezi, moun nazarèt, wa Jwif yo.


Te gen lòt moun ki t ap di: “Se li menm ki Kris la.” Te gen lòt ankò ki t ap di: “Kris la p ap soti nan Galile, pa vre?


Men, Natanayèl di Filip konsa: “Nazarèt! Èske gen yon bon bagay ki ka soti Nazarèt?” Filip reponn li: “Vini, ou va wè.”


Apre sa, Jezi ale Nazarèt, nan ti vil kote li te grandi a. Jan l te gen abitid fè a, nan jou repo a, li antre nan yon sinagòg, epi li kanpe pou fè lekti a.


Epi foul moun yo t ap reponn: “Se Jezi, pwofèt la, ki soti Nazarèt, nan rejyon Galile.”


Jezi te nan mitan foul la. Moun ki te devan l yo ak moun ki te dèyè l yo, yo tout t ap rele, yo t ap di: “Louwanj pou Pitit David la! Benediksyon pou sila a ki vini nan non Senyè a! Louanj pou Bondye ki pi wo nan syèl la!”


Te gen de mesye avèg ki te chita bò wout la. Lè yo tande Jezi ap pase, yo pran rele byen fò: “Senyè, Pitit David la, gen pitye pou nou!”


Moun ki te la yo te etone anpil, epi se yon sèl pawòl ki te nan bouch yo: “Sanble nonm sa a se Pitit Bondye te pwomèt David la.”


Li t al rete nan yon ti vil yo rele Nazarèt. Sa fè nou konprann pi byen sa pwofèt yo te di a: “Y a rele li moun Nazarèt.”


Men istwa branch fanmi Jezi, Mesi a. Jezi soti nan branch fanmi David ak Abraram.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite