Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 10:45 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

45 Paske menm Pitit Lòm nan pa vini pou moun sèvi l, men l vini pou l ka sèvi moun epi bay lavi l pou peye delivrans anpil moun.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

45 Paske mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun sèvi mwen, men mwen vini pou sèvi. Wi, mwen vin bay lavi mwen pou delivrans anpil moun.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

45 Paske menm Fis a Lòm nan pa t vin pou yo sèvi Li, men pou bay vi li kon yon ranson pou anpil lòt.”

Gade chapit la Kopi




Mak 10:45
16 Referans Kwoze  

Fè menm jan ak Pitit Lòm nan, li pa vini pou moun sèvi l, men l vini pou l ka sèvi moun epi bay lavi l pou peye delivrans anpil moun.”


Nenpòt moun ki vle jwe wòl premye nan mitan nou dwe jwe wòl esklav nou tout.


Menm jan Papa a konnen m, mwen menm mwen konnen Papa a tou, epi mwen bay lavi m pou mouton yo.


Si mwen menm ki Senyè ak Mèt, mwen lave pye nou, nou menm tou, nou youn dwe lave pye lòt.


Kris la pa t janm fè peche, men Bondye te fè l vin tounen peche poutèt nou menm. Konsa, kounye a, pa mwayen Kris la, Bondye deklare nou inosan.


Nou konnen deja kijan Senyè nou an, Jezikris, te manifeste gras li. Malgre li te gen anpil richès, li te vin tounen pòv pou byen nou. Povrete li tounen yon richès pou nou.


Lalwa deklare nou anba malediksyon poutèt nou pa toujou obeyi l. Men Kris retire malediksyon sa a. Li chanje plas ak nou epi li mete pwòp tèt pa l anba malediksyon sa a. Bib la di: “Nenpòt moun yo pann sou yon bwa, moun sa a anba malediksyon”.


Jezikris te bay lavi l pou nou, pou l kapab delivre nou soti anba tout sa ki mal, pou l fè nou pwòp. Li vle fè nou yon pèp ki rele l chè mèt chè mètrès epi ki zele pou fè sa ki byen.


Jezi se Pitit Bondye, men li te soufri kanmenm epi li te aprann obeyi kèlkeswa sa Bondye di, nan mitan soufrans li yo.


Men, se ak san Jezikris Bondye te rachte nou. Li menm ki te sakrifye tèt li tankou yon Ti Mouton san tach epi san defo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite