Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 10:39 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

39 Jak ak Jan reponn: “O wi, nou kapab!” Jezi di yo: “Se vre, nou gen pou n bwè nan gode mwen dwe bwè a, nou gen pou nou batize nan menm batèm avè m.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

39 Yo di li: — Nou kapab. Jezi reponn yo: — Se vre. N'a bwè nan menm gode mwen pral bwè a, epi n'a resevwa menm batèm mwen pral resevwa a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

39 Yo te di L: “Nou kapab”. Jésus te reponn yo: “Tas ke M ap bwè a, nou ap bwè. Epi nou ap batize avèk menm batèm ke M ap batize a.

Gade chapit la Kopi




Mak 10:39
10 Referans Kwoze  

Elèv la kontan pou l tankou pwofesè li. Esklav la kontan pou l tankou mèt li. Si mwen menm ki tèt fanmi lan, yo gentan rele m Bèlzebil, nou pa menm bezwen mande kijan yo pral trete nou, nou menm ki fè pati menm fanmi lan.


Yo te konfese peche yo epi Jan te batize yo nan rivyè Jouden an.


Men Pyè te ensiste pi plis toujou: “Menm si mwen ta dwe mouri pou w Mwen p ap janm di m pa konnen w.” Tout lòt disip yo t ap di menm bagay la tou.


Li di: “Abba, O Papa! Tout bagay posib pou ou. Retire gode soufrans sa a devan m non. Men, pa fè volonte pa m, fè volonte pa w.”


Pyè di l konsa: “Senyè, pou kisa m pa kapab swiv ou kounye a? M prèt pou m bay lavi m pou ou.”


Sonje byen sa m te di nou: Yon esklav pa gen plis enpòtans pase mèt li. Si yo te pèsekite m, y ap pèsekite nou tou, si yo te obeyi ansèyman m yo, y ap obeyi ansèyman nou yo tou.


Mwen te ba yo pawòl ou epi lemonn te rayi yo, poutèt yo pa pou lemonn ankò, menm jan mwen menm mwen pa pou lemonn.


Li pase lòd pou yo koupe tèt Jak, frè Jan an ak nepe.


Mwen kontan pou m soufri pou nou. Gen anpil soufrans Kris dwe kontinye sipòte, m ap sipòte yo nan kò pa m pou Legliz la, ki se kò Kris la.


Mwen se Jan, frè nou, k ap patisipe nan menm detrès la, menm wayòm ak menm pèseverans nan Jezi ak nou. Yo te ekzile m sou zile yo rele Patmòs la, poutèt m t ap di laverite ki konsènen Jezi epi mwen t ap anonse mesaj Bondye a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite