Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 10:39 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

39 Yo te di L: “Nou kapab”. Jésus te reponn yo: “Tas ke M ap bwè a, nou ap bwè. Epi nou ap batize avèk menm batèm ke M ap batize a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

39 Yo di li: — Nou kapab. Jezi reponn yo: — Se vre. N'a bwè nan menm gode mwen pral bwè a, epi n'a resevwa menm batèm mwen pral resevwa a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

39 Jak ak Jan reponn: “O wi, nou kapab!” Jezi di yo: “Se vre, nou gen pou n bwè nan gode mwen dwe bwè a, nou gen pou nou batize nan menm batèm avè m.

Gade chapit la Kopi




Mak 10:39
10 Referans Kwoze  

Se kont pou yon disip pou li vini menm jan avèk enstriktè li, e yon esklav menm jan ak mèt li. Si yo rele mèt kay la Béelzébul, konbyen anplis pou yo kalomye manm kay li yo!


Yo t ap batize pa li menm nan lariviyè Jourdain an pandan yo t ap konfese peche yo.


Men Pierre te kontinye pèsiste: “Menm si mwen oblije mouri avè Ou, Mwen p ap nye Ou.” Konsa, yo tout t ap di menm bagay la tou.


Li t ap di: “Abba! Papa! Tout bagay posib pou Ou; retire tas sa a sou Mwen. Malgre pa kon Mwen vle a, men kon Ou vle a.”


Pierre te di Li: “Senyè, poukisa mwen pa kapab swiv Ou koulye a? Mwen va bay vi m pou Ou.”


“Sonje pawòl ke Mwen te di nou an: ‘Yon esklav pa pi gran pase mèt li’. Si yo te pèsekite Mwen, y ap pèsekite nou tou. Si yo te kenbe pawòl Mwen, yo va kenbe pawòl pa nou osi.


“Mwen te bay yo pawòl Ou. E lemonn rayi yo. Paske yo pa nan lemonn, menm jan ke Mwen pa nan lemonn.


Li te mete Jacques, frè a Jean a lanmò avèk yon nepe.


Alò, mwen rejwi nan soufrans mwen yo pou koz a nou, e nan lachè m mwen fè pati pa m pou benefis kò Li a, ki se legliz la, pou ranpli sa ki manke nan soufrans lafliksyon a Kris yo.


Mwen, Jean, frè nou, ki patisipe avèk nou nan tribilasyon, wayòm, ak pèseverans ki nan Jésus a, te sou lil ki rele Patmos la, akoz pawòl a Bondye ak temwayaj de Jésus a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite