Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 10:38 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

38 Jezi di: “Mesye, m pa kwè nou konprann sa n ap mande la a. Èske nou ka bwè nan menm gode mwen pral bwè a? Èske nou ka batize nan menm batèm avè m?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

38 Jezi reponn yo: — Nou pa konnen sa n'ap mande la a non. Eske nou ka bwè gode chatiman mwen pral bwè a? Eske nou ka resevwa menm batèm mwen pral resevwa a?

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

38 Men Jésus te di yo: “Nou pa konnen sa n ap mande a. Èske nou kapab bwè tas ke M ap bwè a, oubyen batize avèk batèm ke Mwen ap batize a?”

Gade chapit la Kopi




Mak 10:38
14 Referans Kwoze  

Li fè yon ti avanse pi devan, li lage kò l atè fas anba, epi l kòmanse priye: “Papa, si se posib, pa kite m pase anba kalite soufrans sa a. Men, se pa sa m vle ki pou fèt, se sa ou vle.”


Yo te konfese peche yo epi Jan te batize yo nan rivyè Jouden an.


Li di: “Abba, O Papa! Tout bagay posib pou ou. Retire gode soufrans sa a devan m non. Men, pa fè volonte pa m, fè volonte pa w.”


Gen yon kalite batèm mwen dwe resevwa. M santi m twouble anpil jouktan mwen resevwa batèm sa a.


Li di: “Papa, si se volonte w, tanpri retire gode soufrans sa a devan mwen. Men, se pa volonte pa m ki pou fèt. Se volonte pa w.”


Men, Jezi di Pyè: “Mete nepe a nan fouwo l tande! Èske m pa dwe pran mezi soufrans Papa a ban mwen an?”


Sentespri a ede nou tou, paske nou sitèlman fèb. Nou pa menm konnen kijan pou n ta priye, men Sentespri a li menm pale ak Bondye pou nou, li sèvi ak soupi nou pa menm gen mo pou n ta tradui yo.


Nou mande epi nou pa jwenn anyen. Se paske nou mal mande! Nou mande sèlman paske nou vle fè gaspiyaj nan pran plezi.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite