Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jonas 1:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Pandan l nan fon somèy, kaptenn bato a vin pantan sou li, epi li di l, “kisa! Ou ap dòmi!” Rele dye pa w la! Petèt l a tande priyè w epi l a delivre nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Kaptenn batiman an al jwenn li, li di l konsa: — Ey! Apa se dòmi w'ap dòmi? Leve non, monchè. Lapriyè bondye ou la. Ou pa janm konnen, li ka gen pitye pou nou, li ka pa kite nou mouri.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Konsa, kapitèn bato a te pwoche li e te di: “Kòman fè w ap dòmi an? Leve rele dye pa ou a. Petèt dye ou a va fè pa nou pou nou pa peri.”

Gade chapit la Kopi




Jonas 1:6
18 Referans Kwoze  

“Ale rasanble tout Jwif ki nan vil Souz epi mande yo pou yo fè jèn pou mwen. Mande yo pou yo pa ni manje ni bwè pandan twa jou ak twa nuit. Mwen menm ak tout sèvant mwen yo ap jene tou. Apre sa, mwen pral kote wa a, menm si m vyole lwa a, jan l pase l pase, si pou m mouri, mwen va mouri.”


Tout moun ak tout zannimo dwe mete rad dèy sou yo. Yo dwe rele kriye ak tout fòs devan Bondye. Yo dwe kite move fason yo konn trete pwochen yo. Se pou yo sispann vyolans y ap komèt nan mitan yo.


Petèt, Bondye va chanje lide. Li p ap fache kont nou ankò. Konsa, nou p ap mouri.”


Lè sa a, Pòl reponn: “Pouki sa n ap kriye kon sa pou fè kè m tris? Mwen menm se pa pou prizon sèlman non m pare; mwen pare pou m ta menm mouri nan Jerizalèm pou non Senyè Jezi.”


Nou konnen nan ki tan n ap viv kounye a: Se lè pou n pa dòmi! Jou delivrans nou an pi pre kounye a pase lè nou te fenk kwè.


Se vre wi, limyè a montre kijan tout bagay ye. Se poutèt sa yo di: “Reveye w, ou menm k ap dòmi! Leve nan mitan moun ki mouri yo, epi Kris ap klere w.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite