Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jonas 1:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Maren yo te pè anpil. Konsa, chak moun t ap rele pwòp dye pa yo pou pote yo sekou. Pou anpeche bato a koule, yo jete chay yo nan lanmè pou fè l pi lejè. Pandan tan sa a, Jonas menm desann nan kal batiman an, li kouche epi dòmi pran l.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Maren yo te pè anpil. Chak moun t'ap lapriyè bondye pa yo. Pou yo te ka soulaje batiman an, yo lage dènye chay nan lanmè. Jonas menm poutèt pa l te desann nan lakal batiman an, li kouche kouche l. Dòmi pote l ale.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Answit, ouvriye bato yo te vin pè e yo chak te kriye a pwòp dye pa yo. Yo te vide chaj ki te nan bato a nan lanmè a pou te fè l pi lejè. Men Jonas te ale anba nan fon bato a, epi kote li te kouche a, li te tonbe dòmi.

Gade chapit la Kopi




Jonas 1:5
22 Referans Kwoze  

Nou te manje valè pen nou te vle. Lè sa a, nou te jete kèk lòt danre nan lanmè a, pou nou te vin fè bato a pi lejè toujou.


Apre sa li retounen bò kot disip yo, epi l di yo: “N ap dòmi toujou? N ap repoze kò nou? Tande non, lè a rive! Yo pral livre Pitit Lòm nan bay mechan yo.


Lè l tounen bò kote yo ankò, li jwenn disip yo ap dòmi paske je yo te twò lou pou yo te ret ouvè.


Kòm mesye marye a pran tan pou rive, medam yo vin kagou epi yon ti dòmi vòlè yo.


Lè maren yo wè sa k te rive a, yo te vin gen krentif ak anpil respè pou SENYÈ a. Yo ofri yon sakrifis epi yo fè SENYÈ a plizyè pwomès.


Lè sa a, maren yo priye SENYÈ a konsa: “SENYÈ, tanpri, pa ban nou pote chay lanmò yon nonm inosan. Tanpri, pa touye nou poutèt lanmò nonm sa a. Nou konnen ou se SENYÈ ki fè sa ou vle.”


Pandan l nan fon somèy, kaptenn bato a vin pantan sou li, epi li di l, “kisa! Ou ap dòmi!” Rele dye pa w la! Petèt l a tande priyè w epi l a delivre nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite