Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jonas 1:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Lè sa a, youn t ap di lòt: “An nou fè tiraj osò pou nou wè kilès ki rale dezas sa a sou nou.” Yo fè tiraj osò a epi bagay la tonbe sou Jonas.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Apre sa, maren yo yonn di lòt: — Ann tire osò pou n konnen ki moun ki lakòz sa rive nou. Yo tire osò, epi se non Jonas ki sòti.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Chak mesye yo te di a konparèy yo: “Vini, annou fè tiraj osò pou nou ka konprann sou kont kilès gwo malè sa a rive nou an.” Yo te fè tiraj osò a, e sò a te tonbe sou Jonas.

Gade chapit la Kopi




Jonas 1:7
18 Referans Kwoze  

Evènman sa te pase premye mwa nan lane, nan mwa Nisan. Lè sa a, Asyeris te sou douzyèm ane depi l wa. Aman fè sèvitè l yo fè tiraj osò pou devine nan ki dat egzat pou l egzekite plan li a. Tiraj osò a montre se nan douzyèm mwa a, nan mwa Ada ki pi bon.


Yo krisifye l epi yo fè tiraj osò pou yo ka separe ata rad ki te sou li.


Li detwi sèt nasyon nan tèritwa Kanaran an, epi l bay pèp li a tè yo kòm byen pa yo.


Se poutèt sa m ap mande nou: pa kouri jije pèsonn anvan lè. Senyè a gen pou l vini. Se li menm k ap devwale tout sa ki fènwa. Se li ki gen pou mete deyò tout sekrè ki kache nan fon kè. Lè sa a se Bondye li menm k ap bay chak moun louwanj yo merite.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite