Jak 2:21 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil21 Papa nou Abraram te vin konsidere kòm moun dwat devan Bondye poutèt sa l te fè. Li te bay Bondye pitit li Izaak sou yo lotèl. Gade chapit la1998 Haïtienne21 Abraram granpapa nou, eske Bondye pat fè l gras poutèt sa li te fè lè l te ofri Izarak, pitit li a, sou lotèl la? Gade chapit laBib Sen An: Kreyòl Ayisyen21 Èske Abraham, zansèt nou an, pa t jistifye pa zèv lè li te ofri Isaac, fis li a, sou lotèl la? Gade chapit la |
Konsa, yon moun jwenn sa Bondye te pwomèt la, lè l gen lafwa. Se kon sa sa ye pou pwomès la kapab yon kado vrèman vre. Epi si pwomès la se yon kado, lè sa a, se sèten tout desandan Abraram yo ap jwenn pwomès sa a. Pwomès la pa sèlman pou moun k ap viv anba Lalwa Moyiz la. Li pou tout moun k ap viv pa lafwa menm jan ak Abraram. Abraram se papa nou tout.
Bondye pase Abraram yon tès. Bondye pase l lòd pou l ofri Izarak an sakrifis. Abraram obeyi paske li te gen lafwa. Li te gentan gen pwomès Bondye kòm garanti. Bondye te gentan di l: “Se pa mwayen Izarak mwen pral ba w pitit pitit.” Abraram te tou pare pou ofri sèl pitit gason l lan. Li te fè sa, paske li te fè Bondye konfyans.