Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jak 2:22 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Konsa, ou wè lafwa Abraram ak sa l di travay ansanm. Lafwa li te bon nèt poutèt sa l te fè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Ou wè. Konfyans li te mache ansanm ak sa li te fè. Konsa tou, sa l te fè a te fè konfyans li vin bon nèt.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Nou wè ke lafwa t ap travay avèk zèv li yo, e kòm rezilta a, zèv lafwa li a te vin pafè.

Gade chapit la Kopi




Jak 2:22
8 Referans Kwoze  

Nou pa janm bliye jan nou montre lafwa nou nan jan nou travay di, lanmou nou nan jan nou aji, espwa nou nan Senyè Jezikris nan jan nou kenbe fèm.


Paske lè yon moun nan Jezikris, menm si l sikonsi, menm si l pa sikonsi, sa pa vle di anyen. Sa ki enpòtan se lafwa, kalite lafwa ki manifeste nan lamou.


Men lè nou obeyi ansèyman Bondye yo, lanmou li ap travay nan nou tout bon vre. Se kon sa nou konnen n ap viv nan li.


Men gen moun k ap bay agiman yo, “Gen moun ki gen lafwa, epi lòt yo gen bòn zèv.” Repons mwen se ta pou m di yo, ou pa kapab montre m lafwa san ou pa fè anyen. Men mwen menm m ap montre w lafwa pa mwayen bòn zèv mwen fè.


Jezi reponn: “Men sa Bondye vle nou fè se kwè nan moun li gentan voye a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite