Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jak 2:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Èske Abraham, zansèt nou an, pa t jistifye pa zèv lè li te ofri Isaac, fis li a, sou lotèl la?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Abraram granpapa nou, eske Bondye pat fè l gras poutèt sa li te fè lè l te ofri Izarak, pitit li a, sou lotèl la?

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Papa nou Abraram te vin konsidere kòm moun dwat devan Bondye poutèt sa l te fè. Li te bay Bondye pitit li Izaak sou yo lotèl.

Gade chapit la Kopi




Jak 2:21
21 Referans Kwoze  

Yo te reponn Li e te di: “Abraham se Papa nou”. Jésus te di yo: “Si nou se pitit Abraham, fè zèv Abraham yo.


Pou rezon sa a, se pa lafwa, pou li ta kapab pa gras, ke pwomès la ta kapab asire a tout desandan Abraham yo; non sèlman a sila ki gen Lalwa a, men osi a sila ki gen lafwa Abraham nan, ki se papa a nou tout.


Paske pa pawòl nou, nou va jistifye; e pa pawòl nou, nou va kondane.”


Menmjan nou wè ke yon nonm jistifye pa zèv, e non sèlman pa lafwa a.


Konsa, yon moun ka byen di: “Ou gen lafwa e mwen gen zèv. Montre m lafwa ou a san zèv, e mwen va montre ou lafwa pa m nan pa zèv.”


Li se papa a sikonsizyon, non sèlman pou sila ki sikonsi yo, men osi a sila yo ki swiv chemen lafwa ke Abraham te genyen pandan li te ensikonsi a.


Konsa kisa nou kapab di ke Abraham, zansèt nou selon lachè te jwenn kon jijman?


Paske pa zèv Lalwa a, pa gen chè k ap jistifye nan zye Li; paske selon Lalwa a, vini konesans peche.


Li te di: “Koute m frè m yo ak ansyen mwen yo!” Bondye laglwa a te parèt devan zansèt nou, Abraham lè li te nan Mésopotamie, avan ke li te rete Charran.


Anverite Ou pa pi gran pase Papa zansèt nou, Abraham ki te mouri an? Pwofèt yo te mouri tou. Ki moun menm Ou fè pretansyon ke Ou ye?”


“Men li te di: ‘Non. Papa Abraham, men si yon moun ta sòti nan mò a, ale kote yo, yo va repanti!’


Li te kriye fò, e te di: ‘Papa Abraham, fè m gras, voye Lazare pou li kapab mete dwèt li nan dlo pou rafrechi lang mwen! Paske mwen nan doulè ekstrèm nan flanm sa a.


Sèman ke Li te fè a Abraham, zansèt nou an,


Pa sipoze ke nou kapab di pwòp tèt nou: ‘Nou gen Abraham kòm papa’. Paske m ap di nou ke Bondye kapab fè leve soti nan wòch sa yo, pitit Abraham yo.


Gade vè Abraham, papa nou an ak Sarah, ki te fè nou soti nan vant. Lè li te yon sèl, Mwen te rele li, Mwen te beni li, e te fè l vin miltipliye.”


Konsa, pa antre nan jijman avèk sèvitè Ou a, paske nan zye Ou, nanpwen moun vivan ki jis.


Epi Mwen te pran zansèt nou an, Abraham, pou l soti lòtbò Rivyè a. Mwen te mennen li pase nan tout peyi a Canaan yo. Mwen te miltipliye desandan li yo e te bay li Isaac.


Pa lafwa Abraham, lè l te vin pase a leprèv, li te ofri Isaac; e sila ki te resevwa pwomès la, t ap ofri sèl fis li a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite