Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 8:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 SENYÈ a ajoute: Men nouvo pwomès mwen pral fè pèp Izrayèl la, nan jou ki pa twò lwen yo. M ap enskri prensip mwen yo nan lespri yo, m ap ekri lwa mwen yo sou kè yo. Se mwen menm k ap Bondye yo, epi yo menm, yo va tounen yon pèp ki rele m chèmèt chèmètrès.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Bondye di ankò: Men kontra mwen pral fè ak pèp Izrayèl la, apre jou sa yo fin pase. M'a mete lwa m yo nan lespri yo, m'a make lwa m yo nan kè yo. M'a tounen Bondye tout bon pou yo, y'a tounen yon pèp ki apa pou mwen.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Paske sa se akò ke Mwen va fè avèk kay Israël la apre jou sa yo, di Senyè a: Mwen va mete Lalwa Mwen nan panse yo, e Mwen va ekri yo nan kè yo. Mwen va Bondye yo, e yo va pèp Mwen.

Gade chapit la Kopi




Ebre 8:10
34 Referans Kwoze  

Mwen se Bondye Abraram nan, Bondye Izarak la, ak Bondye Jakòb la? Bondye pa Bondye moun mouri, li se Bondye moun vivan.”


Se kon sa m va fè alyans ak yo lè m va retire peche yo.”


Petèt se konnen nou pa konnen moun ki kouche ak yon fi movèz vi tounen yon sèl kò avèk li jan sa ekri nan Bib la: “Yo de a vin fè yon sèl kò.”


Wi, ou montre ou se yon lèt Kris la ekri li menm epi li voye l pa mwayen nou menm. Lèt sa a pa ekri ak lank, men se avèk Lespri Bondye vivan an. Li pa ekri sou tablèt wòch, men li ekri nan kè moun.


Jezikris te bay lavi l pou nou, pou l kapab delivre nou soti anba tout sa ki mal, pou l fè nou pwòp. Li vle fè nou yon pèp ki rele l chè mèt chè mètrès epi ki zele pou fè sa ki byen.


Men yo te gen lespri yo konsantre sou yon pi bon peyi, yon peyi nan syèl la. Se sa ki fè Bondye pa wont lè yo rele l Bondye yo. E li prepare yon vil pou yo.


Bondye te deside ban nou lavi pa mwayen mesaj verite a. Li te vle pou nou pi enpòtan pou li pase tout sa li te kreye yo.


Poutèt sa, voye jete tout sa ki pa bon, tout kalite move bagay w ap fè nan lavi w yo. Imilye w devan ansèyman Bondye ki te plante nan kè w la. Paske ansèyman sa a gen pouvwa pou l sove w.


Paske nou fèt yon lòt fwa ankò. Nouvèl vi sa a pa soti nan sa k ap peri men nan sa k pa ka peri, granmesi pawòl Bondye ki vivan epi ki p ap janm pase.


Men nou menm nou se pèp Bondye chwazi a, yon wayòm ki fèt ak prèt sèlman, yon nasyon ki apa, yon pèp sen pou Bondye. Bondye fè tou sa pou n ka fè louwanj pou li. Se li ki retire nou nan fènwa pou l mennen nou nan bèl limyè li a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite