Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 8:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Paske sa se akò ke Mwen va fè avèk kay Israël la apre jou sa yo, di Senyè a: Mwen va mete Lalwa Mwen nan panse yo, e Mwen va ekri yo nan kè yo. Mwen va Bondye yo, e yo va pèp Mwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Bondye di ankò: Men kontra mwen pral fè ak pèp Izrayèl la, apre jou sa yo fin pase. M'a mete lwa m yo nan lespri yo, m'a make lwa m yo nan kè yo. M'a tounen Bondye tout bon pou yo, y'a tounen yon pèp ki apa pou mwen.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 SENYÈ a ajoute: Men nouvo pwomès mwen pral fè pèp Izrayèl la, nan jou ki pa twò lwen yo. M ap enskri prensip mwen yo nan lespri yo, m ap ekri lwa mwen yo sou kè yo. Se mwen menm k ap Bondye yo, epi yo menm, yo va tounen yon pèp ki rele m chèmèt chèmètrès.

Gade chapit la Kopi




Ebre 8:10
34 Referans Kwoze  

Moïse te ekri tout pawòl SENYÈ a yo. Konsa, li te leve granmmaten e li te bati yon lotèl nan pye mòn nan avèk douz pilye pou douz tribi Israël yo.


Epi li te pran liv akò a, e li te li li nan zòrèy a tout pèp la. Epi yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a pale, nou va fè yo, e nou va obeyi yo.”


Konsa, SENYÈ a te di a Moïse: “Taye pou kont ou de tablèt an wòch tankou sa nou te genyen yo. Mwen va ekri sou tablèt yo pawòl ki te sou lòt ke ou te kraze yo.


Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Ekri mo sa yo. Paske an akò avèk mo sa yo, Mwen te fè yon akò avèk ou, e avèk Israël.”


Cheri mwen an se pa m, e mwen se pa l. Li fè patiraj twoupo li pami flè lis yo.


Mwen va bay yo yon kè pou rekonèt Mwen, ke se Mwen ki SENYÈ a. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo, paske yo va retounen kote Mwen ak tout kè yo.’”


“Nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “Mwen va vin Bondye a tout fanmi Israël yo, e yo va vin pèp Mwen.”


“Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo”, deklare SENYÈ a: “Mwen va mete lalwa M anndan yo e sou kè yo Mwen va ekri l; epi Mwen va Bondye yo, e yo va pèp Mwen.


Yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo;


Mwen va fè yon akò k ap pou tout tan nèt avèk yo, ke Mwen p ap vire kite yo, pou fè yo byen. Konsa Mwen va mete lakrent Mwen anndan kè yo pou yo pa vire kite Mwen.


Anplis, abitasyon Mwen an va avèk yo, epi Mwen va Bondye yo, e yo va pèp Mwen.


Epi lakay Israël va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye yo a, depi jou sa a, pou rive ale nèt.


Malgre sa, fis Israël yo va tankou sab lanmè, ki p ap ka mezire, ni konte. Men nan plas kote sa te pale a yo menm nan, ‘Nou pa pèp Mwen an’, sa va pale a yo menm ‘Yo va rele fis a Bondye vivan an.’


Mwen va simen li kote M nan tè a, Mwen va genyen mizerikòd pou li, fi ki pa t konn jwenn mizerikòd la. Konsa, Mwen va di a sila ki pa t pèp Mwen an: ‘Ou se pèp Mwen an!’ Epi yo va reponn: ‘Ou se Bondye mwen!’”


“Konsa, Mwen va mennen fè pase twazyèm pati a nan dife. Mwen va rafine yo tankou yo rafine ajan, e pase yo a leprèv tankou lò. Yo va rele non Mwen, e Mwen va tande yo. Mwen va di: ‘Yo se pèp Mwen’, e yo va di: ‘SENYÈ a, se Bondye mwen an.’”


Mwen va mennen yo vin rete nan mitan Jérusalem. Yo va pèp Mwen, e Mwen va Bondye yo nan laverite ak ladwati.”


‘Mwen menm se Bondye Abraham, Bondye Isaac, Bondye Jacob la’? Li menm pa Bondye a mò yo, men a sila ki vivan yo.”


“Sa se akò Mwen avèk yo; lè Mwen va retire peche pa yo.”


Oubyen èske nou pa konnen ke yon moun ki jwenn tèt li avèk yon pwostitiye vin yon sèl kò avèk li? Paske Li di: “Yo de a va devni yon sèl chè”.


Li parèt klè ke nou se yon lèt ki sòti nan Kris la, ki pran swen pa nou menm, ki pa t ekri avèk lank, men avèk Lespri Bondye vivan an, pa sou tablèt wòch, men sou tablèt kè lòm.


Anplis, SENYÈ a, Bondye nou an, va sikonsi kè nou ak kè desandan nou yo, pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou, pou nou kapab viv.


ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.


Men jan sa ye a, yo pito yon pi bon peyi, yon peyi selès. Konsa, Bondye pa t wont pou Li menm ta rele Bondye pa yo a, paske Li te prepare yon vil pou yo.


Nan egzèsis volonte Li, Li te fè nou vin parèt pa pawòl verite a pou nou ta kapab vin tankoupremye fwi pami kreyati Li yo.


Konsa, annou mete sou kote tout sa ki sal, ak tout sa ki rete de mechanste, e ak imilite, resevwa pawòl ki enplante nan nou an, ki kapab sove nanm nou.


paske nou te ne ankò, pa de semans ki perisab, men ki enperisab, selon pawòl Bondye a ki viv, e ki rete pou tout tan.


Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite