Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Ebre 8:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Okenn moun p ap bezwen anseye vwazen li oswa yon manm fanmi l pou yo konnen Senyè a. Paske tout moun nèt ap konnen mwen, soti nan pi piti pou m rive nan pi gran.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Pèsonn p'ap bezwen moutre yon lòt moun anyen nan peyi a. Pèsonn p'ap bezwen di yon lòt nan peyi a: Manyè chache konn Bondye. Paske, yo tout y'a konnen m, depi sa ki tou piti a jouk sa ki pi gran an.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Epi yo p ap enstwi chak sitwayen parèy a yo ak chak frè a yo, pou di: ‘Vin konnen Bondye’, paske tout moun ap deja konnen Mwen, soti nan pi piti jiska pi gran nan yo.

Gade chapit la Kopi




Ebre 8:11
18 Referans Kwoze  

Men sa pwofèt yo di: “Bondye va anseye yo tout.” Nenpòt moun ki tande epi ki aprann sa Papa Bondye di, se yo menm ki vini jwenn mwen.


Tout moun, ti malere tankou gwo chabrak yo, te kwè nan sa l ta p fè yo, yo t ap di: “Nonm sa a gen pouvwa Bondye sou li, sa yo rele gwo pouvwa a.”


Pitit la te fè n yon kado espesyal. Nou genyen l nan nou. Sa fè nou pa bezwen moun anseye nou anyen. Kado li ban nou an ap anseye nou tout bagay. Se yon veritab kado, li pa pou twonpe. Poutèt sa, kontinye viv nan Kris la, jan kado l la anseye pou fè sa.


Nou konnen Pitit Bondye a te vini epi li te ban nou entèlijans pou nou konnen Verite a. Epi nou nan verite a, nan Pitit li a, Jezikris. Se li ki Bondye toutbon vre a, se li ki lavi etènèl la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite