Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 11:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Abèl te gen lafwa nan Bondye. Se sa ki fè l te ofri yon pi bon sakrifis pase Kayen. Bondye te pran plezi nan sa Abèl te ofri ba li a. Konsa, li temwanye Abèl se yon nonm ki fè sa Bondye vle. Abèl mouri se vre, men poutèt lafwa li, se kòmsi li toujou ap pale.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Se konfyans ki fè Abèl te bay Bondye yon ofrann ki pi bon pase ofrann Kayen an. Paske Abèl te gen konfyans nan Bondye, Bondye te asepte li pou moun dwat. Se konsa li te asepte kado Abèl te fè li a. Se akoz konfyans sa a ki fè n'ap lonmen non Abèl jouk koulyeya, malgre li mouri a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Pa lafwa Abel te ofri a Bondye yon pi bon sakrifis ke Cain, selon sa, li te resevwa temwayaj ke li te jis. Bondye te fè temwayaj de ofrann li yo, epi pa lafwa, malgre ke li mouri, li toujou pale.

Gade chapit la Kopi




Ebre 11:4
21 Referans Kwoze  

Konsa, n a resevwa chatiman pou tout moun inosan ki mouri sou latè soti sou Abèl, yon nonm ki te inosan, pou rive sou Zakari, pitit Barachi a, nou te asasinen ant lotèl la ak kay ki apa pou Bondye a.


L ap tankou se nou menm ki te touye soti sou Abèl pou rive sou Zakari, sila a ki te mouri ant lotèl la ak kay ki apa pou Bondye a. M pa kache di nou sa, Bondye p ap manke pini jenerasyon nou an pou tout zak sa yo.


Yo di yo konnen Bondye. Men, jan y ap viv nan fè sa ki mal, sa montre se pa vre. Se jan de moun sa yo Bondye rayi. Yo refize obeyi Bondye. Yo pa itil pou fè anyen ki byen.


Kèk moun ki te viv nan tan lontan te fè kè Bondye kontan paske yo te gen kalite lafwa sa.


Nou gen anpil egzanp tankou sa yo. Lavi moun sa yo fè nou konprann lafwa pi byen. Konsa, nou menm tou, an nou fè jefò pou n kouri nan kous ki louvri devan nou an. An nou mete sou kote tout bagay k ap ralanti kous nou, ak tout peche k ap detounen pye nou detanzantan pou fè nou kite chemen an.


Nou vini bò kote Jezi, li menm ki vini ak nouvo kontra Bondye siyen ak pèp li a. Yo te aspèje w ak san Jezi ki te koule a, san k ap di bagay ki pi bon pase san Abèl la.


Se nan mitan lèzòm yo chwazi granprèt yo. Granprèt la la pou ede moun nan sèvis y ap fè pou Bondye. Li la pou ofri ofrann ak sakrifis pou peche yo bay Bondye


Prèske tout bagay pirifye ak san selon lalwa Moyiz la. Moun pa ka jwenn padon pou peche yo si pa gen san ki koule.


Nonm lavi dwat sa a t ap viv nan mitan pèp mechan yo chak jou. Kè l te tris pou l wè epi tande bann move zak yo t ap komèt.


Malè pou yo! Paske yo pran menm chemen ak Kayen, menm wout ak Balam, y ap bay manti pou lajan. Y ap peri, paske yo revòlte kont Bondye, menm jan Kore te fè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite