Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 11:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Lafwa ede nou konprann se avèk pawòl li Bondye te kreye lemonn antye. Sa vle di bagay nou wè ak je nou jodi a soti nan bagay nou pa ka wè ak je nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Se konfyans nan Bondye ki fè nou ka konprann se ak pawòl Bondye te kreye tout bagay. Li sèvi ak sa je pa ka wè pou li fè tout sa je ka wè.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Pa lafwa nou konprann ke mond yo te prepare pa pawòl Bondye a, pouke sa nou wè pa t fèt avèk bagay ki vizib.

Gade chapit la Kopi




Ebre 11:3
17 Referans Kwoze  

Se ak li menm tout bagay te kreye; pa te gen anyen ki te kreye san li.


Mezanmi, sa n ap fè konsa? Se moun nou ye menm jan avèk nou. Nou sèlman vin isit la pou n anonse nou Bòn Nouvèl la. Nou vin di nou pou n vire do nou kite tout zidòl sa yo ki pa vo anyen. Tounen vin jwenn vrè Bondye vivan an pito, li menm ki kreye syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo.


Se Bondye sa a ki kreye mond lan ak tout sa k ladan l. Se li menm ki mèt syèl la ak tè a. Li pa rete nan okenn tanp moun fè ak men yo.


Se kon sa Pawòl Bondye di: “M fè w vin papa yon anpil nasyon.” Abraram te tande pwomès la, li te mete lafwa l nan Bondye. Se Bondye ki bay moun mouri yo lavi ankò epi li fè sa ki pa t egziste vin egziste.


Nou anseye sajès Bondye. Se yon sajès Bondye te kenbe sekrè jouk jounen jodi a. Li te deside l kon sa nan plan li anvan menm li kreye lemonn pou nou te ka pataje glwa li.


Tout bagay vin pwòp devan Bondye nan lapriyè ak deklarasyon Bondye fè.


Men kounye a Bondye pale ak nou pa mwayen Pitit la nan dènye jou sa yo. Se pa mwayen Pitit la Bondye te kreye tout bagay. Anplis, Bondye bay Pitit la tout sa li genyen.


Moun sa yo refize sonje sa k te pase nan tan lontan. Te gen syèl epi te gen tè a Bondye te kreye pa mwayen dlo epi li fè l soti nan dlo. Tou sa te rive fèt pa mwayen pawòl Bondye.


“Senyè Bondye nou, ou diy pou resevwa glwa, onè ak pouvwa. Paske se ou menm ki kreye tout bagay. Tout bagay te fèt paske w te vle fè yo.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite