Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Ebre 11:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Enòk te gen lafwa nan Bondye. Se sa ki fè Bondye te pran l pou ale viv ansanm avè l, san l pa pase pa lanmò. Lè moun t ap chache l, yo pa t ka jwenn li, paske Bondye te pran l bò kote l. Bib la bay prèv Enòk te fè Bondye plezi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Se konfyans nan Bondye ki fè Enòk moute nan syèl san pase anba lanmò. Pesonn pa janm wè li ankò. Apre Bondye fin pran li. Nou jwenn sa ekri: Enòk te fè Bondye kontan anvan Bondye te pran li.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Pa lafwa Enoch te monte pou l te kab pa wè lanmò. E kò li pa te jwenn akoz ke Bondye te pran l. Paske li te twouve temwen ke avan li te monte a, li t ap fè Bondye plezi.

Gade chapit la Kopi




Ebre 11:5
17 Referans Kwoze  

Sentespri a te fè l konnen l ap wè Mesi a anvan l mouri.


Lemèk te pitit Metousala. Metousala te pitit Enòk. Enòk te pitit Jarèt. Jarèt te pitit Maleleyèl. Maleleyèl te pitit Kayinam.


Okontrè, nou te jwenn konsantman Bondye anvan menm nou kòmanse travay predikasyon an. Wi, Bondye konfye nou pou n preche Bòn Nouvèl la. Konsa, se Bondye n ap chache fè plezi lè nou preche Bòn Nouvèl la. Nou pa preche pou fè moun plezi. Bondye wè sa k ap pase nan kè nou.


Li enposib pou nou fè Bondye plezi san lafwa. Se sa k fè nenpòt moun ki vle vin jwenn Bondye, li dwe kwè Bondye egziste epi Bondye rekonpanse moun k ap chache l ak tout kè yo.


Nou wè Jezi nan yon pozisyon ki pi ba pase zanj yo pou yon ti tan, men kounye a, li kouwòne avèk glwa ak onè paske li te soufri epi li te mouri pou tout moun ka benefisye gras Bondye.


Kèlkeswa sa nou ta mande Bondye, l ap ban nou l paske nou obeyi kòmandman li yo epi n ap fè sa ki fè l plezi.


Enòk, ki se setyèm desandan depi Adan, li te pwofetize sou yo. Li te di konsa: “Koute sa, Senyè a ap vini avèk lame zanj li yo ki sen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite