Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Timote 1:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Nan priyè mwen, lannuit kou lajounen, mwen toujou sonje w. Epi mwen rann Bondye gras poutèt ou menm. Se li menm ki Bondye zansèt mwen yo t ap sèvi epi se li mwen menm mwen toujou ap sèvi ak konsyans mwen byen klè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 M'ap di Bondye mèsi, Bondye zansèt mwen yo te sèvi a. Se li menm tou m'ap sèvi ak yon konsyans pwòp. Se tout tan m'ap di l mèsi lajounen kou lannwit, chak fwa lide m frape sou ou lè m'ap lapriyè.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Mwen remèsye Bondye ke mwen sèvi avèk yon bon konsyans jan zansèt mwen yo te fè a, pandan mwen sonje ou tout tan nan lapriyè mwen yo lannwit kon lajounen

Gade chapit la Kopi




2 Timote 1:3
21 Referans Kwoze  

Apre sa, li rete vèv jouktan li te gen katrevenkat ane. Àn te toujou nan tanp lan, li pa t janm deplase. Li te sèvi Bondye lajounen tankou lannuit. Li te toujou ap jene epi priye.


“Mwen se yon Jwif, ki te fèt nan lavil Tas, nan peyi Silisi. Men se isit la menm, nan vil sa a mwen grandi. Se elèv Gamalyèl mwen te ye. Se li menm ki te anseye m tout bagay konsènan lalwa zansèt nou yo. M te toujou gen anpil zèl pou sèvi Bondye, menm jan sa ye pou nou menm jodi a.


Pòl gade Gran Konsèy la epi l di: “Pou mwen menm, frè m yo, mwen toujou mennen bak mwen devan Bondye ak konsyans mwen byen klè depi lontan jouk jounen jodi a.”


M ap konfese sa devan w: Se menm Bondye zansèt nou yo te sèvi a m ap sèvi, antan yon moun k ap swiv Chemen an, sa Jwif sa yo di k pa bon chemen an. Epoutan, mwen kwè tout bagay ki ekri nan lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo.


Se poutèt sa m toujou fè jefò pou m fè sa m kwè ki bon devan Bondye ak devan tout moun.


Tout Jwif yo konnen temwanyaj lavi m. Yo konnen trè byen fason m te toujou viv nan mitan pèp mwen an depi nan kòmansman ak ki fason m viv nan Jerizalèm.


Yèswa, Bondye m ap sèvi a, Bondye pa m nan, li voye yon anj li pale avè m.


Mwen se moun Jezikris, epi m ap di nou verite a. Epi Sentespri a k ap dirije konsyans mwen dakò sa m ap di a se verite a:


Men sa k fè nou fyè epi konsyans nou ka sèvi nou temwen: Nan tout sa n ap fè ak tout moun nou an afè, sitou avèk ou menm, nou toujou aji avèk senserite, san okenn move lide nan kè nou. Sajès mond sa a pa ka fè sa, se sèlman ak gras Bondye nou fè sa.


Nan sa k konsène tradisyon Juif yo, mwen te pi fanatik pase tout lòt Juif ki te gen menm laj avè m. Mwen te pi devwe pase yo tout nan asire tout moun swiv tradisyon zansèt nou yo.


mwen pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, lè m ap sonje nou nan priye mwen.


Lajounen kon lannwit nou priye ak tout kè nou, pou mande Bondye pou nou ka ale an pèsòn pou vin bay anplis kèlkeswa sa k nesesè pou fè lafwa ou vin pi fèm toujou.


Kontinye fè Bondye konfyans epi gade konsyans ou klè. Gen kèk moun ki refize koute konsyans yo, sa fè lafwa yo fè nofraj.


Objektif lòd sa a, se pou yo ka gen lanmou ki soti nan yon kè ki pwòp, ak yon konsyans ki klè epi nan yon lafwa ki sensè.


Vèv ki vrèman vèv la, se sila a ki pa gen pèsòn pou pran swen l, ki mete konfyans li nan Bondye, ki toujou gen abitid priye lajounen kou lannuit ap pote rekèt bay Bondye.


Mwen sonje kijan ou gen yon lafwa ki sensè. Se kon sa Loyis, grann ou te ye epi apre sa, manman w Enis te kon sa tou anvan w. M wè se menm lafwa sa a ki nan ou tou, mwen sèten se vre.


Depi w piti, ou konnen Bib la. Sa ki nan Bib la kapab rann ou saj. Epi sajès sa a mennen nan lavi etènèl pa mwayen lafwa nan Jezikris.


Menm Jezikris ki te la yè a, se li menm ki la jodi a, ak pou tout tan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite