Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Timote 1:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Lè m ap sonje dlo nan je w, m ta byen renmen rewè w pou kè m ka ranpli ak lajwa.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Mwen chonje jan ou te nan lapenn. Se pa ti anvi m anvi wè ou pou kè m ka kontan nèt.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 avèk lanvi pou m wè ou menm lè mwen sonje dlo ki te sòti nan zye ou, pou m kapab ranpli avèk jwa.

Gade chapit la Kopi




2 Timote 1:4
19 Referans Kwoze  

Se kon sa nou menm kounye a, nou nan lafliksyon, men m ap rewè nou ankò epi kè nou ap kontan anpil, epi p ap gen okenn moun k ap kapab derasinen lajwa sa a.


Jouk kounye a, nou pa mande Bondye anyen poutèt nou se disip mwen. Men, kounye a mwen di: mande epi nou va jwenn, pou kè nou kapab kontan nèt ale.


Jwif yo t ap fè konplo kont mwen, epi sa te mete m nan sitiyasyon difisil. Men nou konnen m te toujou ap sèvi Senyè a, menmsi gen kèk fwa se ak dlo nan je. M te toujou fè tout sa avèk anpil imilite.


Kidonk, veye! Toujou sonje pandan twa zan m te nan mitan nou an, se avèk dlo nan je m te toujou ap avèti nou tout, lajounen kou lannuit.


Mwen anvi wè nou toutbon pou m ka ban nou kèk don espirityèl ki ka fè lafwa nou vin pi fò.


Se sèl Bondye ki konnen kijan m anvi wè nou. Mwen renmen nou tout ak lanmou Jezikris la.


Mwen deside fè sa paske li te anvi wè nou tout. Sa te fè l tris anpil, lè l te aprann nou te konnen l malad.


Kanta pou nou frè m ak sè m yo, lè nou te fin separe, se kò nou ki pa t la men kè nou te toujou avè w. Se pa ti anvi nou anvi wè ou. Nou te fè sa n kapab pou n te vizite w.


Fè vit pou w vini anvan livè a rive. Ebilis, Pidens, Linis, Klodya ansanm ak tout lòt frè ak sè yo voye salye w.


Fè sa w kapab pou w vin jwenn mwen byen vit.


N ap ekri w bagay sa yo pou w kapab gen kè kontan nèt ale ak nou.


L ap siye tout dlo nan je yo. Lanmò p ap egziste ankò, p ap gen dèy ankò, ni kriye, ni soufrans. Tout bagay pase yo ap disparèt.”


Paske, Ti Mouton an ki kanpe kote twòn nan ye a ap yon Pastè pou moun sa yo. L ap mennen yo bwè nan sous dlo lavi a. Bondye menm ap konsole yo, l ap siye tout dlo nan je yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite