Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Timote 1:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Mwen vle salye w, Timote, pitit byeneme m nan. Gras, mizerikòd ak lapè Bondye Papa a, ansanm ak Jezi, Senyè nou an avè w!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 M'ap ekri ou, Timote, pitit mwen renmen anpil la. Se pou Bondye Papa a ak Jezikri, Senyè nou, gen pitye pou ou, kè sansib ak kè poze.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 a Timothée fis byeneme mwen an: Lagras, mizerikòd, ak lapè Bondye, Papa a, e Kris Jésus, Senyè nou an.

Gade chapit la Kopi




2 Timote 1:2
10 Referans Kwoze  

Pòl te pati al nan vil Dèb ak nan vil List. Te gen yon kwayan ki te rete nan vil Lis la yo te rele Timote. Manman Timote se te yon Jwif ki te kwè nan Kris tou epi papa l menm te yon Grèk, sa vle di yon moun ki soti nan peyi Lagrès.


Lèt sa a, se pou tout byenneme ki nan lavil Wòm. Bondye chwazi nou pou n ka viv tankou yon pèp ki apa pou li. Se pou Bondye, papa nou, ansanm ak Jezikris, Senyè nou ban nou gras ak lapè li.


An n pa chache fè tèt nou jistis, byenneme. An n tann kòlè Bondye pito, paske Pawòl Bondye di: “Vanjans se pou mwen, se mwen k ap pini chak moun pou sa l fè.”


Se poutèt sa m ap voye Timote lakay nou. Li se yon pitit mwen renmen anpil. Se yon pitit ki fidèl nan jan l ap viv pou Senyè a. Li a fè nou sonje tout prensip lavi m menm jan mwen anseye l nan tout legliz kote m pase.


Frè m ak sè byeneme m yo, mwen anvi wè nou anpil. Nou fè kè mwen kontan epi mwen fyè de nou. Poutèt sa, byeneme, kontinye rete fidèl epi rete atache ak Senyè a.


M ap ekri w lèt sa a, Timote, pitit mwen nan lafwa, ki tankou yon pitit ki soti nan zantray mwen. Se pou Bondye Papa a, ansanm ak Jezikris, Senyè nou an, beni w ak anpil gras, mizerikòd epi lapè.


Timote, ou se yon pitit gason pou mwen. Se pou w chache vin pi solid toujou nan gras ak nan lanmou Jezikris la.


Mwen ekri w lèt sa a, Tit. Ou se tankou yon pitit toutbon vre pou mwen, paske nou toulede dakò sou sa nou kwè. M ap priye pou Bondye Papa a ansanm ak Jezikris Sovè nou an, pou yo fè w gras epi ba w lapè!


Se kon sa pou n viv nan tann n ap tann jou sa a rive, jou kote laglwa gwo Bondye nou an, ansanm ak Jezikris Sovè nou an, va parèt.


Pa gen anyen pou ta fèm pi kontan pase lè m tande pitit mwen yo ap mache daprè verite a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite