Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Timote 5:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Vèv ki vrèman vèv la, se sila a ki pa gen pèsòn pou pran swen l, ki mete konfyans li nan Bondye, ki toujou gen abitid priye lajounen kou lannuit ap pote rekèt bay Bondye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Yon fanm ki vèv tout bon, ki pa gen pèsonn pou okipe l, li mete tout espwa li nan Bondye, l'ap lapriyè tout tan, l'ap mande l konkou lajounen kou lannwit.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Alò, sila ki vrèman yon vèv, e ki kite sèl la, fikse tout espwa l sou Bondye e kontinye nan siplikasyon ak lapriyè lajounen kon lannwit.

Gade chapit la Kopi




1 Timote 5:5
27 Referans Kwoze  

Jezi di disip li yo pou yo toujou priye epi pou yo pa janm pèdi espwa. Li rakonte yo parabòl sa a.


Moun Bondye chwazi yo ap priye l lajounen kou lannuit. L ap toujou ba yo sa ki bon. Li p ap pran anpil tan pou l reponn yo.


Apre sa, li rete vèv jouktan li te gen katrevenkat ane. Àn te toujou nan tanp lan, li pa t janm deplase. Li te sèvi Bondye lajounen tankou lannuit. Li te toujou ap jene epi priye.


Se menm pwomès sa a tout douz tribi yo nan pèp nou an espere resevwa. Se pou pwomès sa a Jwif yo sèvi Bondye lajounen tankou lannuit. Wa Agripa, se pou menm pwomès sa a Jwif yo ap akize m.


Kantite kwayan yo te kontinye ap ogmante chak jou pi plis. Nan menm tan sa tou, Jwif ki te fèt nan lòt peyi epi ki te pale grèk yo te tonbe plenyen kont Jwif ki te fèt nan Izrayèl epi ki te pale ebre yo. Yo t ap plenyen dèske vèv pa yo pa t jwenn anyen nan manje ki t ap separe chak jou a.


Pyè pati tousuit avèk mesye yo. Lè l rive, yo mennen l toudwat nan chanm anlè a. Tout vèv yo te kanpe bò kote Pyè nan chanm nan, yo t ap kriye. Yo montre Pyè yon bann chemiz ak rad Tabita te konn fè lè l te vivan nan mitan yo.


Pyè ba l men pou ede l kanpe. Apre sa, Pyè rele lòt kwayan yo ansanm ak vèv yo, li montre yo Tabita byen vivan.


Sa m vle di nou, se ede m vle pou n ede youn lòt nan lafwa. Lafwa pa nou ap ede m, lafwa pa m ap ede nou.


Bondye montre m bonte li pa mwayen Jezikris. Li ban m otorite pou m ale pou m ka fè tout moun nan tout nasyon kwè nan li epi obeyi l. Tout travay sa a, se pou li menm sèl. M fè tout sa pou m fè lwanj pou Kris.


Mwen pa vle nou chaje tèt nou. Tout sousi yon nonm ki pa marye se pou travay Senyè a. L ap chache jan pou l fè Senyè a plezi.


Konsa atansyon l divize an de. Menm jan an tou yon dam ki pa marye oubyen yon demwazèl ki pa t janm marye, sèl sousi li se travay Senyè a. Li mete kò ak lespri l toutantye nan sèvis Senyè a. Men yon dam marye gen anpil sousi pou bagay nan mond sa a, paske l ap chache wè kijan pou l fè mari l plezi.


Pandan n ap fè tout bagay sa yo, pa janm sispann priye Bondye. Priye nan tout sitiyasyon jan Lespri Bondye dirije nou. Fè tout kalite priyè, epi mande tout sa nou bezwen. Pou nou rive fè sa, fòk nou toujou pare. Pa janm sispann priye pou tout pèp Bondye a.


Pa bay tèt nou pwoblèm pou anyen. Men nan chak sikonstans, fè Bondye konnen sa nou bezwen nan lapriyè pandan n ap di l mèsi.


Anvan tout bagay, mwen vle nou priye Bondye pou tout moun. Nou dwe adrese bay Bondye: rekèt, priyè, siplikasyon ansanm ak remèsiman pou yo.


Lè yon dam ki kretyen genyen vèv nan fanmi li, li dwe pran swen yo, li menm. Konsa, legliz p ap bezwen pran responsabilte a. Legliz va kapab pran swen vèv ki pa gen pèsòn pou ede yo.


Okipe vèv ki vrèman vèv yo ak respè.


Nan priyè mwen, lannuit kou lajounen, mwen toujou sonje w. Epi mwen rann Bondye gras poutèt ou menm. Se li menm ki Bondye zansèt mwen yo t ap sèvi epi se li mwen menm mwen toujou ap sèvi ak konsyans mwen byen klè.


Se kon sa medam nan tan lontan ki te kwè nan Bondye yo te konn fè yo bèl. Yo te soumèt devan mari yo.


Se pou Bondye rekonpanse w pou tout sa ou fè yo! Se pou SENYÈ a, Bondye Izrayèl la ou chwazi kòm pwoteksyon w lan, ba ou yon rekonpans total pou tout bon bagay sa yo ou te fè.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite