Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Timote 5:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Men si yon vèv gen pitit oubyen pitit pitit, fòk timoun yo konnen sa: se yo ki dwe pran swen fanmi yo an premye. Nan fason sa a, y ap rekonpanse paran ak gran paran yo pou sa yo te fè pou yo. Sa a se yon bagay ki fè Bondye plezi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Men, si yon vèv gen pitit, osinon pitit pitit, se pou pitit yo aprann fè tout devwa Bondye mande yo fè pou pwòp fanmi yo anvan. Konsa, y'a fè tou sa yo dwe fè pou papa yo, manman yo ak granparan yo. Se sa ki pou fè Bondye plezi.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 men si yon vèv gen pitit, oswa pitit pitit, yo dwe, dabò, aprann pratike respè anvè pwòp fanmi pa yo, e repaye pwòp paran pa yo, paske sa akseptab devan zye Bondye.

Gade chapit la Kopi




1 Timote 5:4
18 Referans Kwoze  

Jezi te desann ansanm ak yo ale Nazarèt epi li te obeyi yo. Manman li te sere tout bagay sa yo nan kè li.


Se sa ki bon, epi se sa ki fè Bondye Sovè nou an plezi.


Lè yon dam ki kretyen genyen vèv nan fanmi li, li dwe pran swen yo, li menm. Konsa, legliz p ap bezwen pran responsabilte a. Legliz va kapab pran swen vèv ki pa gen pèsòn pou ede yo.


Fòk nou fèmen bouch moun konsa. Y ap detwi yon bann fanmi ak move ansèyman y ap bay. Tout sa y ap chache fè se twonpe moun ak move ansèyman pou fè yo ba yo lajan.


Rit tounen lakay li nan vil la, Li montre Nawomi, bèlmè li, tout grenn li te ranmase. Apre sa, li bay Nawomi rès manje li te sere lè l t ap manje nan jaden Bowaz la.


Yon jou, Rit, fi Mowab la, di Nawomi kon sa: “Kite m ale nan youn nan jaden kote y ap ranmase rekòt yo. Si yo ban m yon ti chans, m a mache dèyè moun k ap travay yo epi m a ranmase grenn yo kite dèyè yo.” Nawomi reponn: “Dakò, pitit fi mwen. Ou mèt ale.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite