Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Timote 5:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Okipe vèv ki vrèman vèv yo ak respè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Pran swen vèv ki vèv tout bon yo.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Onore vèv ki vrèman vèv yo;

Gade chapit la Kopi




1 Timote 5:3
28 Referans Kwoze  

li pa gen okenn obligasyon pou ede paran l yo. Konsa tradisyon nou yo vin pi enpòtan pase pawòl Bondye.


Kanta pou nou Farizyen ak pwofesè lalwa, yon malè tèrib gen pou tonbe sou nou! Nou twò ipokrit! Nou mete barikad sou wout ki mennen nan wayòm syèl la. Nou pa prale! Epi nou fè sa kapab pou anpeche lòt moun antre.


Apre sa, li rete vèv jouktan li te gen katrevenkat ane. Àn te toujou nan tanp lan, li pa t janm deplase. Li te sèvi Bondye lajounen tankou lannuit. Li te toujou ap jene epi priye.


Etan l ap rive nan pòt lavil la, Jezi wè y ap pote yon kadav, sèl pitit gason vèv la te genyen. Anpil moun lavil la te akonpanye madanm nan ak kadav la.


Jezi wè Natanayèl ki t ap vin jwenn li, li di: “Nonm sa a k ap vini an se yon Izrayelit toutbon, yon nonm moun ka fè konfyans.”


Kantite kwayan yo te kontinye ap ogmante chak jou pi plis. Nan menm tan sa tou, Jwif ki te fèt nan lòt peyi epi ki te pale grèk yo te tonbe plenyen kont Jwif ki te fèt nan Izrayèl epi ki te pale ebre yo. Yo t ap plenyen dèske vèv pa yo pa t jwenn anyen nan manje ki t ap separe chak jou a.


Pyè pati tousuit avèk mesye yo. Lè l rive, yo mennen l toudwat nan chanm anlè a. Tout vèv yo te kanpe bò kote Pyè nan chanm nan, yo t ap kriye. Yo montre Pyè yon bann chemiz ak rad Tabita te konn fè lè l te vivan nan mitan yo.


Pyè ba l men pou ede l kanpe. Apre sa, Pyè rele lòt kwayan yo ansanm ak vèv yo, li montre yo Tabita byen vivan.


Nou pa t janm chache pou okenn moun fè lwanj pou nou. Nou pa t chache nan bouch ou. Nou pa t chache l nan bouch lòt moun.


Medam ki granmoun yo, pale ak yo menm jan ak manman w. Medam ki pi jèn yo, trete yo menm jan ak sè w, ak yon kè ki pwòp.


Adorasyon Bondye vle a, men li: Pran swen òfelen yo ak vèv yo ki nan bezwen epi kenbe tèt ou pou w pa tonbe anba enfliyans mond lan. Se bon jan adorasyon kon sa Bondye aksepte.


Respekte tout moun. Renmen frè ak sè nou nan Kris la. Gen krentif pou Bondye, onore wa a.


Nou menm tou mari, nan lavi nou ak madanm nou, pran swen madanm nou. Mete sa nan tèt nou byen, fi pi frajil pase gason. Respekte yo, paske y ap resevwa kado lavi a menm jan avèk nou. Si nou fè sa, pa gen anyen ki ka bloke priyè nou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite