Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Timote 5:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Men si l ap viv nan pran plezi l, se yon moun mouri li ye, menm si l vivan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Men, yon vèv ki lage kò l nan plezi, se yon vèv ki mouri, menm si l vivan toujou.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Men sila ki viv nan plezi a, mouri menm pandan ke li ap viv la.

Gade chapit la Kopi




1 Timote 5:6
29 Referans Kwoze  

Men Jezi reponn li: “Swiv mwen! Kite moun mouri yo antere pwòp mò yo.”


Apre sa, m a di tèt mwen: Monchè, ou gen anpil byen nan depo pou anpil ane ankò. Ou mèt poze kounye a. Annik manje, bwè epi jwi lavi w.


Kèk jou apre sa, ti gason an rasanble tout bagay, li pati ale nan yon peyi byen lwen. Lè l rive la, li gaspiye tout byen li yo nèt nan banbòch.


Paske pitit gason m nan te mouri, kounye a li resisite. Li te pèdi, kounye a nou rejwenn ni. Epi yo kòmanse fete.


Men li te nesesè jodi a pou nou fete, pou nou rejwi, paske frè w la te mouri, li resisite; li te pèdi, nou rejwenn ni.”


Jezi di ankò: “Vwala se te yon nonm rich ki te toujou renmen abiye chè. Rad li te fèt ak bèl twal wouj ki koute chè ansanm ak len. Chak jou se te gwo fèt lakay li, epi se bon manje sèlman yo t ap manje.


Non, seryezman! Ki sa nou t al wè pito? Èske se yon moun ki abiye ak bèl rad ki koute chè? Nou konnen byen moun ki abiye ak bèl rad ki koute chè yo se nan palè nou jwenn yo.


Te gen yon lè, nou te mouri espirityèlman poutèt peche nou yo epi bagay nou fè ki mal kont Bondye.


Nou te mouri espirityèlman poutèt tout sa nou te fè ki mal kont Bondye. Men, Bondye ban nou lavi ansanm ak Kris la. Se grenmesi gras Bondye ki fè nou sove.


Se vre wi, limyè a montre kijan tout bagay ye. Se poutèt sa yo di: “Reveye w, ou menm k ap dòmi! Leve nan mitan moun ki mouri yo, epi Kris ap klere w.”


Nou menm, se moun mouri nou te ye poutèt fot nou yo ak poutèt nou pa t sikonsi. Men Bondye resisite nou ansanm ak Kris. Li padone tout fot nou yo.


Gen kèk nan yo ki pran abitid mache lakay moun. Yo pran yon seri medam ki fèb nan pyèj yo. Medam sa yo te gentan chaje peche deja epi lafwa yo pa t solid. Medam sa yo se moun tout kalite lanvi ap mennen.


Nou t ap viv sou tè a nan richès ak plezi. Nou angrese tèt nou, menm jan ak zannimo y ap fè gra pou yo touye.


Li te renmen laglwa ak richès anpil. Ba l menm kantite a nan soufrans ak nan dèy. Li t ap di nan kè li: M chita sou fotèy rèn mwen. Mwen pa yon vèv; m p ap janm an dèy.


Ekri voye bay anj legliz Sad la. Men sa moun ki gen sèt Lespri Bondye yo ak sèt zetwal yo di: Mwen konnen zèv ou yo. Ou gen repitasyon moun vivan, men ou se yon moun mouri.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite