Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Timote 4:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Sentespri a fè eksprè, lè l di: nan dènye tan yo, gen moun k ap abandone lafwa. Y ap koute pito move lespri k ap twonpe yo ansanm ak anpil doktrin ki soti nan demon yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Lespri Bondye te di sa byen klè: nan dènye tan an, gen moun k'ap lage konfyans yo nan Bondye. Yo pral obeyi yon bann lespri k'ap bay manti, yo pral swiv yon bann pawòl ki sòti nan move lespri yo.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Men Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo,

Gade chapit la Kopi




1 Timote 4:1
64 Referans Kwoze  

Kè m fè m mal pou lèzòm, poutèt kantite bagay ki devan yo pou fè yo peche. Se vre, ap toujou genyen bagay pou lakoz moun tonbe nan peche, men malè pou moun ki lakoz yon lòt moun tonbe nan peche.


Apre sa, Jezi di disip li yo ankò: “Ap toujou gen okazyon pou fè moun tonbe nan peche. Men, malè pou moun ki lakoz bagay sa yo rive.


Lè Lespri verite a va vini, l ap fè nou konprann tout verite a. Paske li p ap kominike pwòp panse pa l, men l ap di tout sa l va tande epi li va anonse nou tout sa k gen pou vini.


Pandan mesye sa yo te reyini pou fè sèvis pou Senyè a, yo t ap fè jèn, Sentespri a di yo: “Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen pou travay mwen rele yo pou yo fè a.”


Pandan l te sou plas la, gen kèk filozòf ki te patizan lide Epiki yo ansanm ak kèk lòt ki te rele tèt yo Estoyisyen, yo te patizan lide Zenon yo, filozòf sa yo te kòmanse diskite ak Pòl. Gen nan yo ki di: “Nonm sa a pa menm konn sa l ap pale a. Ki sa l ap eseye di menm?” Pòl t ap anonse yo Bòn Nouvèl la konsènan Jezikris la epi li t ap pale yo sou jan moun ki mouri yo gen pou resisite. Lè sa a, yo di: “Li genlè ap eseye pale nou de kèk lòt dye etranje!”


Sèl sa m konnen, nan chak vil mwen pase, Sentespri a avèti m anpil soufrans ak menm prizon ap tann mwen la.


Li avanse sou nou epi li prete sentiwon Pòl. Agabis mare de men l ak de pye l ak sentiwon an, epi li di: “Men sa Sentespri a di m: Se kon sa Jwif yo ap mare mèt sentiwon sa a nan Jerizalèm, pou yo livre l bay moun lòt nasyon yo”.


Lè a te rive pou yo pati, men yo pa t dakò youn ak lòt. Pòl te sèlman di mesye yo: “Sa Sentespri a te di sou zansèt nou yo pa mwayen pwofèt Ezayi a se verite a:


Men sa m vle di an reyalite: sakrifis bèt yo se pou denmon yo ye, se pa pou Bondye. Donk, mwen pa vle pou nou an kominyon avèk denmon.


poutèt fason nou panse a, nou kwè divizyon bon paske l ap montre ki moun ki kwayan toutbon vre.


Se menm Sentespri a ki akonpli tout bagay sa yo. Se li menm pou kont li ki deside kisa l ap bay chak moun.


Bondye te fè nou konnen bagay sa yo pa mwayen Sentespri l. Sentespri a sonde tout bagay, menm sekrè ki kache pi fon nan Bondye.


Men menm jan Èv te tonbe anba riz sèpan an, mwen krenn pou panse nan tèt nou pa fè nou kite atachman fidèl epi san detou nou dwe genyen ak Kris la.


Gen kèk moun ki renmen fè aktivite yo pa renmen vre pou yo ka fè moun wè yo gen imilite. Yo di y ap patisipe nan adorasyon anj yo. Y ap di se nan vizyon yo wè bagay sa yo. Pa okipe yo lè y ap di nou gen tò paske nou pa fè kalite bagay konsa. Se paske yo pa gen bon konprann ki fè yo santi yo fyè konsa, paske tout bagay sa yo chita sou tradisyon lachè.


Men mechan yo k ap fè bagay pou twonpe moun yo, yo pral pi lwen toujou nan mechanste yo. Y ap mache twonpe moun epi lòt moun menm ap twonpe yo tou.


Yo pral fèmen zòrèy yo pou yo pa koute verite a epi yo pral louvri zòrèy yo pou koute vye istwa k ap bay manti.


Sajès sa a, se pa nan syèl li soti. Li soti sou latè, se sajès lèzòm, se yon sajès dyabolik.


Bondye te chwazi Kris pou travay sa a anvan menm li te kreye lemonn, men se nan dènye tan sa yo li fè Kris parèt devan nou.


Nan tan pase, te gen fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a. Se menm bagay la ki pral rive nou. Nou pral genyen kèk fo doktè nan gwoup nou yo. Yo pral ansenye bagay ki fo, yon bann bagay k ap mennen moun sou chemen destriksyon. Epi fò n entèlijan pou n rive wè sa y ap di a pa bon nan jan yo ansenye a. Yo menm ap rive pa swiv Senyè a ki te sove yo. Epi se kon sa y ap detwi pwòp tèt yo.


Li enpòtan pou n konnen kijan sa pral pase nan dènye tan an. Se nan rizib moun pral pase nou, poutèt ansèyman nou te resevwa a. Yo pral kontinye viv nan move bagay sal yo vle fè yo.


Pitit byeneme m yo, nou nan dènye tan an! Nou tande lènmi kris la ap vini. Kounye a menm gen anpil lènmi kris ki deja la. Se sa ki fè nou konnen nou nan dènye tan an.


Nou menm nou soti nan Bondye. Moun ki moun pa Bondye yo ap koute nou, men moun ki pa moun Bondye yo p ap koute nou. Epi se kon sa nou ka distenge Lespri ki anseye verite a ak lespri ki anseye k ap bay manti a.


Yo te di: “Nan dènye tan yo, pral gen moun k ap pase Bondye nan betiz epi y ap viv jan yo vle nan swiv move tandans kè yo.”


Gen kèk moun ki foure kò yo an kachèt pami nou. Se yon bann moun ki gentan kondane deja poutèt sa y ap komèt. Depi lontan Ekriti Sent yo te gentan anonse chatiman yo. Se moun ki kont Bondye yo ye. Y ap tòde sans mesaj gras Bondye a, pou yo kapab jistifye imoralite y ap komèt. Epi yo refize swiv Jezikris, ki se sèl Mèt ak sèl Senyè nou an.


Se kon sa dezyèm bèt la te twonpe tout moun k ap viv sou latè. Li te jwen pouvwa sa a nan men premye bèt ki te soti nan lanmè a. Li kòmande pou tout moun sou latè fè yon estati bèt ki te soti nan lanmè a, bèt ki te blese ak kout lans lan epi ki vivan toujou a.


Lespri sa yo, se demon yo te ye. Se twa lespri demon ki t ap fè anpil mirak. Yo pral rasanble tout wa sou latè pou batay ki gen pou fèt nan gwo jou Bondye ki gen tout pouvwa a.


Anj lan t ap rele byen fò: “Li kraze! Gwo lavil Babilòn nan kraze! Li vin tounen kay tout demon yo. Lavil la vin tounen yon kote tout move lespri yo rete. Se yon kote tout kalite zwazo ki pa pwòp yo rete. Se yon kote tout vye bèt ki pa pwòp ak bèt moun rayi rete.


Limyè lanp p ap janm klere lakay ou ankò. Bri lamarye ak mesye marye, yo p ap tande sa lakay ou ankò. Machann ou yo, se yo ki te pi gran nèg sou latè. Ou te twonpe tout nasyon yo ak maji w.


Men, yo te met men sou bèt la ansanm ak fo pwofèt la epi yo mete yo nan prizon. Fo pwofèt sa a te fè yon bann gwo mirak devan bèt la. Se kon sa li te twonpe moun ki te aksepte mak bèt la epi ki te adore estati l la. Yo jete bèt la ansanm ak fo pwofèt la tou vivan nan gwo letan dife mele ak souf ki t ap boule a.


Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo. Moun ki ranpòte laviktwa yo, dezyèm lanmò a p ap gen pouvwa sou yo.


Se pou tout moun ki gen zòrèy tande kisa Sentespri a ap di legliz yo! Moun ki ranpòte laviktwa yo, m ap ba yo lamàn kache. M ap ba yo chak yon wòch blan tou. Sou wòch sa a, gen yon non nouvo ki ekri, yon non pèsòn lòt moun pa konnen, sèlman moun ki resevwa l la.


Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo!


Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo. Moun ki ranpòte laviktwa, m ap ba l dwa pou l al manje fwi pye bwa lavi a ki nan paradi Bondye a.


Epi dyab la ki t ap twonpe tout nasyon yo, yo voye l nan yon letan dife ak souf, menm kote ak bèt la, ansanm ak fo pwofèt la. Yo va nan toumant lajounen kou lannuit pou tout tan gen tan.


Li pral met kò l deyò pou twonpe nasyon nan tout kat kwen latè, Gòg ak Magòg, pou yo met tèt yo ansanm pou batay la; yo te si tèlman anpil tankou sab lanmè moun pa t ka konte yo.


Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo.


Se pou tout moun ki gen zòrèy, tande sa Sentespri voye di legliz yo!”


Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo!


Lòt moun ki pa t mouri yo pa janm repanti pou ta chanje fason y ap viv nan aksyon yo. Yo pa t sispann adore demon yo, zidòl ki fèt an n ò, ak lajan, ak bwonz, ak wòch epi ak bwa yo, bagay ki pa ka ni wè ni tande ni mache.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite