Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Timote 3:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Wi, Bondye montre nou sekrè lavi ki fè lwanj pou li yo. Se yon verite nou tout kapab aksepte: Nou te konnen Kris, lè l te vin pran fòm yon moun; Sentespri a montre tout sa Jezi di l ye, se verite a; zanj yo te wè l. Mesaj konsènan Jezi a te preche pami tout nasyon yo; Moun toupatou sou latè kwè nan li; Li monte nan syèl epi li antre nan laglwa li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Tout moun fèt pou rekonèt jan sekrè relijyon nou an se yo gwo zafè. Li te parèt tankou yon moun. Lespri a fè nou wè jan li mache dwat devan Bondye. Epi tout zanj yo te wè l tou. Se li menm y'ap mache fè konnen nan tout nasyon. Se nan li moun toupatou mete konfyans yo. Apre sa, yo resevwa l nan syèl la.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 San gen diskisyon, gran se mistè lavi sentete a: Sila ki Te revele nan lachè a, Te jistifye nan Lespri a Te wè pa zanj yo, Te pwoklame pami nasyon yo, Te resevwa kwayans mond lan, Te leve wo nan laglwa a.

Gade chapit la Kopi




1 Timote 3:16
81 Referans Kwoze  

“Tande koze wi! Jèn fi ki pa ko nan gason an pral ansent, l ap fè yon pitit gason, y a rele l Emanyèl.” (Non sa a vle di Bondye avèk nou).


Jezi reponn yo: “Bondye fè nou gras pou nou konnen tout ti sekrè wayòm syèl, men yo menm yo pa jwenn opòtinite sa a.


Sanzatann, tè a pran tranble byen fò paske yon anj Senyè a te desann sot nan syèl. Li woule wòch ki te bouche kavo a, epi l chita sou li.


Se kon sa Jezi te resevwa batèm nan. Touswit apre li te soti nan dlo a, syèl la te louvri. Lè sa a, Jezi wè Sentespri a tankou yon pijon ki t ap desann sou li.


Apre sa, dyab la pati kite l. Epi anj Bondye yo te vini pou sèvi Jezi.


Li pase karant jou nan dezè a pandan Satan t ap tante l pou chache fè l tonbe nan peche. Pandan tan sa a, Jezi te nan mitan bèt sovaj yo epi se te anj Bondye yo ki t ap sèvi l.


Apre li fin pale ak yo, Jezi Senyè a monte nan syèl epi li chita adwat Bondye.


Lè yo antre nan kavo a, yo wè yon jèn gason toudeblan chita sou bò dwat la. Medam yo te sezi anpil.


Li se yon limyè k ap klere pou montre chemen w lan devan nasyon moun ki pa Jwif yo. Se li menm tou k ap fè lonè Izrayèl, pèp ou a.”


Si David rele Mesi a Senyè, kijan li ta ka fè pitit David ankò?”


Apre sa, yon anj Bondye parèt soti nan syèl la vin fòtifye li.


Medam yo potko konprann sa k pase a, la menm, de mesye abiye ak rad byen klere parèt sou yo.


Etan l ap beni disip yo, li kite yo, epi li monte nan syèl la.


Pawòl la te vin tounen moun epi li viv nan mitan nou. Nou te wè grandè li manifeste, yon glwa sèl pitit Bondye Papa a te ka genyen. Pawòl la te plen gras epi li montre nou tout verite Bondye a.


Poutèt Jezi konnen Papa l te remèt li tout bagay, se Bondye ki te voye l epi l ap retounen jwenn Bondye,


Lè konsolatè a va vini, moun m ap voye soti lakay Papa a, Lespri verite Papa a ap voye a, l ap rann temwanyaj pou mwen.


Mwen soti bò kote Papa a, epi mwen vini nan lemonn, men kounye a m ap kite lemonn pou m ale jwenn Papa a.”


Kounye a Papa, fè m jwenn lwanj kote w, lwanj mwen te genyen bò kote w depi anvan lemonn te egziste.


epi li wè de anj abiye tou de blan, yo chita egzakteman kote kò Jezi te ye a, youn nan tèt, epi lòt la nan pye.


Alò kisa nou va panse lè nou va wè Pitit Lòm nan monte ale kote li te soti a?


Pawòl lanmò Jida a te gaye rive nan zòrèy tout moun ki t ap viv nan lavil Jerizalèm. Sa te fè yo te bay moso tè a yon non. Nan lang pa yo, yo te rele l “Akèldama”, ki vle di “Jaden san”.


Pyè pran lapawòl, li di: “Kounye a mwen wè toutbon vre, Bondye pa gade pèsonn pou pi bon pase lòt moun.


Lè yo rive Antyòch, Pòl ak Banabas rasanble tout legliz la. Yo rakonte legliz la tout sa Bondye te pèmèt yo fè. Yo di yo: “Bondye louvri yon pòt pou moun lòt nasyon yo kapab kwè tou.”


Veye kò nou, nou menm; epi veye sou tout pèp Sentespri Bondye a ban nou responsab la. Sentespri a ban nou responsabilite pou n pran swen legliz Bondye a tankou bèje pran swen twoupo, yon legliz Senyè a achte ak pwòp san li.


Konsa, pa gen okenn diferans ant moun ki Jwif ak moun ki pa Jwif, paske yo tout gen menm Senyè ki pare pou beni tout moun ki rele l.


Men mwen di, “moun Izrayèl yo pa vrèman tande sa, pa vre?” Men wi, yo tande l. Ou konnen sa pòsyon Pawòl Bondye sa a di: “Yo tande vwa a gaye toupatou sou latè, mesaje yo rive tout kote nan lemonn.”


An n fè lwanj pou Bondye! Se li menm ki ka fòtifye nou nan lafwa selon Levanjil m ap preche a, dapre Jezikris, dapre konesans Bondye ban nou sou mistè ki te kache depi lontan.


Mistè sa a devwale jodi a, pa mwayen sa pwofèt yo te ekri dapre lòd Bondye te bay. Tout nasyon yo vin konnen sa kounye a, poutèt pou yo ka obeyi ak lafwa nan Bondye.


Swa jamè! Menm si tout moun ta enfidèl nan sa yo te pwomèt, Bondye ap toujou fidèl, l ap toujou fè sa l te di. Jan Pawòl Bondye di l la: “Yo va jwenn ou dwat nan sa w di. Epi si yo ta akize w, w ap genyen pwosè a.”


Wi, Lalwa pa t gen fòs pou l ede nou poutèt feblès lachè nou. Men Bondye fè sa Lalwa pa t ka fè a: Li voye Pitit li a vini nan yon kò ki menm jan ak kò nou sèvi pou n peche a. Bondye voye l pou l regle koze peche a. Bondye kondane peche lachè sa a.


Yo se desandan zansèt nou yo, epi yo soti nan menm fanmi ak Mesi a, Bondye k ap gouvène tout bagay la. Lwanj pou Bondye pou tout tan! Amèn.


Premye Adan an te soti nan pousyè latè. Dezyèm Adan an soti nan syèl.


Nou anseye sajès Bondye. Se yon sajès Bondye te kenbe sekrè jouk jounen jodi a. Li te deside l kon sa nan plan li anvan menm li kreye lemonn pou nou te ka pataje glwa li.


Mwen menm, Silas ak Timote, nou te pale w de Jezikris, pitit Bondye a. Ebyen, Jezi pa t nan balanse ant wi ak non an menm tan. Jezi te toujou wi.


Paske, menm Bondye ki chwazi Pyè pou l vin yon apot pou ale nan mitan Juif yo, se li menm tou ki chwazi m pou m vin yon apot pou nan mitan moun ki pa Juif yo.


Men, lè lè a te rive, Bondye te voye Pitit li a, yon fanm te ba l nesans epi li te viv anba Lalwa.


Se te yon plan sekrè Bondye te genyen byen lontan pou l te reyalize pa mwayen Jezikris. Kounye a, li fè nou konnen sa.


Kontinye priye pou mwen tou, konsa, lè m ap pale, pou Bondye ban m pawòl pou m anonse verite sekrè Levanjil la san m pa pè anyen.


Se sa ki gen pou rive, si nou rete nan Levanjil nou te tande a. Nou dwe rete fèm epi byen asire nan lafwa nou. Pa kite anyen vin fè n abandone espwa nou te jwenn nan, lè nou te tande Levanjil la. Se Levanjil sa a ki fin gaye toupatou sou latè epi se travay sa a menm mwen menm Pòl Bondye ban m pou m fè.


Bondye te vle fè pèp li a konnen kijan plan sekrè li genyen an gran, epi kijan li disponib pou tout pèp sou latè. Plan an se: poutèt nou gen Jezikris nan lavi nou, se espwa pou nou antre nan laglwa Bondye.


Levanjil la gaye epi l ap pote bon rezilta nan lemonn antye. Se menm jan ak bò kote pa nou tou, depi premye fwa nou te tande epi konprann gras Bondye a vrèman vre.


M ap fè sa pou m ankouraje yo, pou yo ka fè yon sèl nan lanmou epi pou yo gen anpil bon konprann tou. Lè sa a, y ap konnen pwojè sekrè Bondye a. Sekrè sa a, se Kris menm.


Sa gen pou li rive jou Jezi va retounen pou l resevwa lonè nan mitan pèp ki apa pou li a. Tout moun ki kwè gen pou admire l. Ou menm tou, ou ladan l, paske ou kwè sa nou te anseye sou Jezi yo.


Nou toujou pa konnen kilès oubyen kilè sa gen pou rive. Men gen yon bagay oubyen yon moun ki anpeche malveyan an fè sa l ta vle fè a, jouktan moun sa a oubyen bagay sa a pa la ankò.


Yo dwe moun k ap swiv la verite ki te kache, verite Bondye vin revele nou kounye a ak konsyans yo pwòp.


Tout glwa Bondye ap klere sou li. Tout sa Bondye ye, se sa Pitit la ye tou. Pawòl li gen puisans pou kenbe tout bagay nan plas yo. Apre Pitit la fin lave peche lèzòm, l al chita adwat Papa a ki gen tout pouvwa a.


Nou pa dwe janm retire je nou sou Jezi. Lafwa nou depann de li depi nan kòmansman rive nan fin isman. Jezi t aksepte mouri sou lakwa. Men li t aksepte tout wont ki mache ak kalite lanmò sa a kòmsi se pa t anyen, malgre rejwisans li te wè ki rezève pou li. Kounye a, li chita nan plas donè ki adwat twòn Bondye a.


Tout moun konnen se moun ki gen plis enpòtans ki pou beni moun ki gen mwens enpòtans la.


Pwen ki pi enpòtan nan tout sa n ap di nou la, se paske se kalite granprèt sa a nou genyen. Li chita nan plas donè a, adwat twòn laglwa Bondye ki nan syèl la.


Bondye fè pwofèt yo konnen sèvis yo t ap fè a se pa t pou yo menm. Men se nou menm yo t ap sèvi lè yo te pale sou bagay nou tande kounye a granmesi moun k ap preche levanjil yo. Moun sa yo pale ak puisans Sentespri a ki soti nan syèl. Menm zanj yo ta renmen konnen plis sou bagay sa yo nou tande a.


Bondye te chwazi Kris pou travay sa a anvan menm li te kreye lemonn, men se nan dènye tan sa yo li fè Kris parèt devan nou.


Nou Kwè nan Bondye granmesi Jezikris. Se Bondye ki te leve Jezi vivan nan lanmò epi se li menm ki te ba li laglwa. Konsa se nan Bondye lafwa ak esperans nou soti.


Kris li menm te mouri yon fwa pou peche nou yo. Li menm ki te inosan, li mouri pou koupab yo, pou l mennen yo bay Bondye. Moun yo te touye l, men Sentespri Bondye a te resisite l.


Kounye a li monte nan syèl. Li chita adwat Bondye kote l ap domine sou tout anj, sou tout otorite ak sou tout lòt puisans nan syèl la.


Wi, sila ki se lavi a, li te parèt aklè devan nou. Nou te wè l, epi kon sa nou ka pale lòt yo de li. Kounye a, n ap anonse w li. Li se lavi etènèl ki te nan Bondye Papa a epi ki te parèt aklè devan nou.


Epitou, nou konnen sa, Jezikris te vini pou li wete peche epi li pa gen peche nan li.


Sila a k ap fè peche soti nan Satan, paske depi soti nan kòmansman, Satan ap fè peche. Men rezon ki fè Pitit Bondye a te vini: Pou detwi zèv Satan yo.


Fanm nan te gen yon non ekri sou fon l. Non sa a gen yon sans sekrè. Men non an: Gwo lavil Babilòn nan manman tout pwostitye yo ansanm ak tout move zak sou latè


Lè sa a, anj lan di m konsa: “Pou kisa w sezi konsa? M ap di w sekrè fanm nan ansanm ak bèt li monte a, bèt ki gen sèt tèt ak dis kòn nan.


Apre sa, m gade ankò, m wè se te yon gwo foul moun. Yo te si tèlman anpil pèsòn pa t ka konte yo tout. Se te moun ki te soti nan tout nasyon, tout ras fanmi, tout pèp ak tout kalite lang. Yo te la devan twòn nan ak devan Ti Mouton an, yo te abiye ak wòb blan ak branch bwa nan men yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite