Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Timote 3:15 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 poutèt, si m pa ta kapab vini touswit, ou va konnen kijan pou chak moun konpòte l nan fanmi Bondye a, ki vle di Legliz Bondye vivan an. Se Legliz la ki kolòn ak fondasyon ki kenbe epi soutni verite a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Men, si m pran reta, lèt sa a va fè ou konnen ki jan pou nou mennen tèt nou nan fanmi Bondye a, sa vle di nan legliz Bondye vivan an. Legliz la tankou yon poto k'ap soutni verite a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 men an ka ke mwen pran reta, mwen ekri yo pou nou kab konnen kijan yon moun ta dwe kondwi tèt li nan kay Bondye a, ki se legliz a Bondye vivan an, ki se pilye ak soutyen verite a.

Gade chapit la Kopi




1 Timote 3:15
55 Referans Kwoze  

Simon Pyè reponn: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an!”


Anverite m ap di nou, Bondye nan syèl la ap bay apwobasyon li lè w refize oswa pèmèt yon bagay fèt sou latè.


Paske Bondye te ba nou Lalwa pa mwayen Moyiz, men lanmou ak verite a vini pa mwayen Jezikris.


Jezi di l: “Mwen menm, mwen se chemen an, mwen se verite a, epi mwen se lavi. Pa gen okenn moun ki janm rive kote Papa a san pase pa mwen.


Lè sa a, Pilat di li: “Ki fè, se wa ou ye?” Jezi reponn li: “Se ou ki di mwen se wa?” Mwen fèt epi mwen vini nan lemonn pou m pale pou verite a. Nenpòt moun ki moun verite a koute sa m ap di.


Nou kwè nan ou. Nou konnen se ou menm ki Moun Bondye konsakre a.”


jouk rive nan jou li te retounen monte nan syèl la. Li bay moun li te chwazi kòm apot yo yon seri enstriksyon anba pouvwa Sentespri a, anvan l te monte nan syèl.


Mezanmi, sa n ap fè konsa? Se moun nou ye menm jan avèk nou. Nou sèlman vin isit la pou n anonse nou Bòn Nouvèl la. Nou vin di nou pou n vire do nou kite tout zidòl sa yo ki pa vo anyen. Tounen vin jwenn vrè Bondye vivan an pito, li menm ki kreye syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo.


Se vre, Jwif yo gen anpil avantaj. Men sa ki pi enpòtan an: Bondye konfye yo Pwomès li yo.


Epi, “Menm kote yo te di yo: Ou pa pèp mwen! Menm kote sa a, yo va rele yo pitit Bondye vivan an.”


Pa fè anyen ki ka lakòz okenn moun nan legliz Bondye a tonbe nan peche, kit li Jwif, kit li pa Jwif.


Èske nou konnen nou se tanp Bondye, epi Lespri Bondye ap viv nan nou?


Wi, ou montre ou se yon lèt Kris la ekri li menm epi li voye l pa mwayen nou menm. Lèt sa a pa ekri ak lank, men se avèk Lespri Bondye vivan an. Li pa ekri sou tablèt wòch, men li ekri nan kè moun.


Tanp Bondye pa gen anyen pou l wè avèk zidòl, epi nou se tanp Bondye vivan an. Se Bondye menm ki di l: “Mwen pral rete ansanm avèk yo. Mwen pra l mache avèk yo. Se mwen menm ki va Bondye yo epi se yo menm k ap pèp mwen.”


nou di verite a pou tout moun tande, se sou puisans Bondye nou konte. Lavi dwat n ap mennen se zam nou pou n defann tèt nou kont tout kalite atak.


Alò, tout moun rekonèt Jak, Pyè ak Jan kòm gwo lidè nan legliz Jerizalèm nan. Lè mesye sa yo wè favè Bondye te fè m, yo bay Banabas avèk mwen lanmen asosyasyon pou montre se ansanm n ap travay. Yo montre nou yo dakò pou n kontinye travay ak moun ki pa Juif yo, alòske, yo menm, y ap travay ak Juif yo.


Nou menm moun peyi Galasi, ala nou san konprann! Jan m te byen anseye nou Bòn Nouvèl la. Mwen te prezante nou Jezikris kòm yon moun ki mouri sou kwa a. Èske yon moun te itilize puisans Satan pou jwe nan lespri nou pou fè nou bliye?


Poutèt nou te tande pale de Jezi, epi yo te anseye nou verite a ki nan Kris la.


Lafwa sa a chita sou espwa nou pral resevwa, sa Bondye te pwomèt nan Bòn Nouvèl la, mesaj Pawòl verite a. Tout sa nou espere yo, Bondye ki nan syèl la pwoteje yo pou nou deja.


Tout moun ap pale sou jan w te byen resevwa nou. Tout moun ap pale sou kijan w te sispann adore zidòl pou w te ka vin sèvi Bondye vivan an, Bondye tout bon an.


Mwen swete m pa lontan vin wè w. Men m ap ekri w sou sa kounye a


Wi, Bondye montre nou sekrè lavi ki fè lwanj pou li yo. Se yon verite nou tout kapab aksepte: Nou te konnen Kris, lè l te vin pran fòm yon moun; Sentespri a montre tout sa Jezi di l ye, se verite a; zanj yo te wè l. Mesaj konsènan Jezi a te preche pami tout nasyon yo; Moun toupatou sou latè kwè nan li; Li monte nan syèl epi li antre nan laglwa li.


Men, fòk lidè a san defo. Li dwe fidèl ak madanm li. Li dwe kontwole tèt li byen epi reflechi byen sou jan l ap mennen lavi l. Li dwe gen koutwazi lakay li. Li dwe prèt pou l akeyi moun epi ede yo. Li dwe kapab anseye byen.


Paske, si yon moun pa kapab dirije pwòp mezon li, kijan l ap kapab pran swen Legliz Bondye a?


Wi, n ap travay di, epi n ap konbat. Paske nou mete espwa nou nan Bondye vivan an. Se li menm ki Sovè a pou tout moun, sitou pou moun ki kwè yo.


Se li sèl ki p ap janm mouri. Li rete nan yon limyè kote pèsòn pa kapab pwoche. Pèsòn pa janm wè l, pèsòn p ap janm wè l. Lonè, ak puisans se pou li pou tout tant! Amèn.


Poutan, fondasyon Bondye plante a p ap janm ranvèse, men sa ki ekri sou sa: “Senyè a konnen moun ki moun pa l yo”. Men kèk lòt pawòl ankò: Nenpòt moun ki di yo kwè nan Senyè a, li dwe sispann fè sa ki mal.


Nan yon gwo kay, genyen bagay ki fèt an ò, gen lòt ki an lajan. Men tou, genyen bagay ki fèt avèk bwa, lòt avèk tè ajil. Kèk nan bagay sa yo, yo la pou itilize nan moman espesyal, lòt yo pou itilizasyon òdinè.


Epi tou nou gen yon granprèt puisan ki ap renye sou kay Bondye a.


Men nou vini bò mòn Siyon an, vil Bondye vivan an, Jerizalèm selès la, kote ki gen zanj pa milye ki rasanble pou selebre.


Frè m ak sè m yo, fè atansyon pou pa gen okenn moun nan mitan nou ki gen yon kè mechan, yon kè rebèl ki pou ta fè l vire do bay Bondye vivan an.


Pa gen okenn dout san Kris la ka fè plis toujou. Kris te ofri tèt li bay Bondye, pa mwayen Sentespri a ki te toujou la, tankou yon sakrifis san defo. San li ap netwaye nou nèt anba tout bagay mal nou te fè. L ap ban nou yon konsyans ki klè pou nou ka sèvi Bondye vivan an.


Vin jwenn li pou Bondye ka sèvi avèk nou menm tou tankou wòch vivan pou l bati yon tanp espirityèl. N ap fòme yon kominote prèt ki sen, k ap ofri li sakrifis espirityèl ki bon, pa mwayen Jezikris.


Li lè pou jijman an kòmanse, epi se pèp Bondye a k ap jije anvan. Si l kòmanse avèk nou. Nou pa bezwen mande kisa ki pral rive moun ki pa aksepte Levanjil la.


M wè yon lòt zanj ki soti bò kote solèy leve, li te gen sa Bondye vivan an nan men l. Li rele kat anj ki te resevwa lòd pou fè latè ak lanmè a mal, li di yo:


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite